Abram kite peyi Lejip, li moute nan nò, li tounen nan rejyon Negèv la, ansanm ak madanm li avèk tout sa li genyen. Lòt, neve l' la, te avèk li tou. Abram te rich anpil, li te gen anpil mouton, anpil kabrit ak anpil bèf, li te gen anpil lajan ak anpil lò. Li vwayaje toujou jouk li kite Negèv la dèyè. Bout pou bout li rive bò Betèl, kote li te moute tant li anvan an, ant lavil Betèl ak lavil Ayi. Li tounen kote li te moute yon lotèl premye fwa a. Li fè sèvis pou Bondye ankò. Lòt menm, neve ki t'ap vwayaje ansanm avèk Abram lan, te gen mouton ak bèf pa l' tou. Li te gen moun tout avèk li. Peyi a te vin twò piti pou yo de a rete ansanm, paske yo te gen twòp zannimo pou bay manje. Se konsa, te vin gen yon kabouyay ant gadò mouton Abram yo ak gadò mouton Lòt yo. Lè sa a, se moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo ki te rete nan peyi a. Abram di Lòt konsa. Monchè, se fanmi nou ye. Pa gen rezon pou nou gen kont yonn ak lòt, ni pou gadò ou yo gen kont ak gadò pa m' yo. Men tout peyi a devan nou! Ann separe. Si ou fè bò dwat, m'ap fè bò gòch. Si ou fè bò gòch, m'ap fè bò dwat. Lòt voye je l' toupatou, li gade plenn Jouden an byen gade. tout plenn lan, rive jouk Zoa, te wouze nèt ale. Jaden yo te tankou jaden Seyè a, tankou nan peyi Lejip. (Lè sa a, Seyè a pa t' ankò disparèt lavil Sodòm ak Gomò.) Lòt chwazi plenn Jouden an pou li. Li pati nan direksyon solèy leve. Se konsa de mesye yo te separe. Abram rete nan peyi Kanaran. Lòt menm al moute kay li nan mitan lavil yo ki te nan plenn lan. Li moute kay li bò lavil Sodòm. Moun Sodòm yo te move moun anpil. Yo t'ap fè anpil peche kont Seyè a. Lè Lòt fin ale, Seyè a di Abram konsa. Kanpe kote ou ye a, voye je ou toupatou, nan tout direksyon: nò, sid, lès, lwès, paske mwen pral ba ou tout tè ou wè a pou ou ak pou pitit pitit ou yo pou tout tan. Mapral ba ou anpil pitit pitit. Si yon moun ka konte tout grenn pousyè ki sou latè, la rive konte pitit pitit ou yo tou. Bon. Koulye a, ou mèt pwonmennen mache nan tout peyi a, paske se ou menm mwen pral bay li. Se konsa, Abram ranmase tout zafè l', li vin rete bò pye bwadchenn Manmre yo, toupre Ebwon. Se la li bati yon lotèl pou Seyè a.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.