Seyè a di Noe: Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou, paske, nan tout moun k'ap viv koulye la a, se ou menm sèl mwen wè k'ap mache dwat devan mwen. Nan tout bèt ki bon pou moun manje, w'a pran sèt mal ak sèt fenmèl nan chak kalite. Nan tout bèt ki pa bon pou moun manje, w'a pran yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite. Konsa tou, pou zwazo k'ap vole nan syèl la, w'a pran sèt mal ak sèt fenmèl nan chak kalite, pou ras la pa disparèt sou latè. Paske, nan sèt jou ankò, m'ap fè yon sèl lapli tonbe sou latè pandan karant jou karant nwit. M'ap disparèt tout moun ak tout bèt mwen te fè mete sou latè. Noe fè tout sa Seyè a te ba li lòd fè a. Noe te gen sisanzan (0600 an) lè inondasyon an te fèt sou latè. Li antre nan batiman an, li menm, pitit gason li yo, madanm li ansanm ak madanm pitit li yo pou yo te ka chape anba inondasyon an. tout kalite bèt, kit sa ki bon pou moun manje, kit sa ki pa bon pou moun manje, tout zwazo, tout bèt ki trennen sou vant, yo tout yo vin jwenn Noe nan batiman an, de pa de, mal ak fenmèl, jan Bondye te bay Noe lòd la. Sou sèt jou vre, dlo kouvri tout latè. Jou ki fè Noe sisanzan (0600 an), yon mwa, disèt jou, tout sous nan fon lanmè a pete. Syèl la menm louvri, li konmanse vide dlo sou tè a. Lapli tonbe san rete pandan karant jou karant nwit. Menm jou sa a, Noe, madanm li, pitit gason l' yo, Sèm, Kam ak Jafè, ansanm ak madanm yo antre nan batiman an, ansanm ak tout kalite bèt domestik, tout kalite bèt ki trennen sou vant ak tout kalite zwazo, tout kalite ti zwazo, tout kalite bèt ki gen zèl. Yo tout yo te vin jwenn Noe nan batiman an, de grenn nan chak kalite bèt vivan ki sou latè. Se konsa, yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite bèt vivan antre nan batiman an, jan Bondye te bay lòd la. Epi Bondye fèmen pòt la dèyè Noe. Pandan karant jou, dlo kouvri tout tè a. Dlo yo gonfle, yo fè batiman an pèdi tè. Dlo yo ranfòse, yo gonfle pi rèd sou tè a jouk batiman an t'ap flote nèt sou dlo a. Dlo a moute pi rèd toujou anwo tè a, li kouvri tèt tout gwo mòn ki anba syèl la. Dlo a moute vennsenk pye depase tèt mòn yo. Lè sa a, tout bèt sou latè mouri: zwazo, bèt domestik, zannimo, tout bèt ki trennen sou vant yo, ansanm ak tout moun. tout bèt vivan ak tout moun sou latè mouri. Se konsa, Seyè a detwi tout bèt, tout sa ki te sou latè, depi ou tande se moun jouk zannimo domestik, bèt ki trennen sou vant ak zwazo k'ap vole nan syèl la. Yo tout yo disparèt sou latè. Sèl moun ki te rete se te Noe avèk lòt moun ki te nan batiman an ansanm ak li yo. Apre sa, dlo a rete anwo tè a pandan sansenkant (0150) jou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.