Jakòb leve je l' gade, li wè Ezaou ki t'ap mache vin jwenn li avèk katsan moun dèyè li. Li pran timoun yo, li separe yo, li bay Leya pa l' yo, li bay Rachèl pa l' yo, li bay de sèvant yo pa yo. Li mete de sèvant yo devan nèt ak pitit yo, Leya ak pitit li yo nan mitan, Rachèl ak Jozèf dèyè nèt. Li menm, li pran mache devan yo tout. Li bese tèt li jouk atè pandan sèt fwa, jouk li rive toupre Ezaou, frè li a. Ezaou menm kouri al kontre l', li pase bra l' nan kou l', li bat do l', li bo li. Epi yo tout de yo pran kriye. Lè Ezaou voye je l' gade, li wè medam yo ak timoun yo. Li di: -Ki moun sa yo ki avè ou la a? Jakòb reponn li: -tout se pitit Seyè a bay nèg pa ou la. Lè sa a, sèvant yo pwoche ak timoun yo, yo bese tèt yo jouk atè devan Ezaou. Apre sa, Leya pwoche ak timoun pa l' yo, yo bese tèt yo tout devan li. Andènye nèt, Jozèf ak Rachèl pwoche, yo bese tèt yo tout devan li. Ezaou mande l': -Moun mwen kontre pi devan an, poukisa ou te voye yo? Jakòb reponn li: -Se pou m' te ka fè kè ou kontan. Ezaou di l': -Frè mwen, mwen gen tout sa m' bezwen. Ou mèt kenbe tou sa ou genyen pou ou. Jakòb reponn li: -Non. Si ou kontan wè m' tout bon, tanpri, asepte kado m'ap ba ou yo. Paske, lè mwen kontre ou, se tankou si m' te wè figi Bondye. Gade jan ou resevwa m' byen. Tanpri, asepte kado m'ap ba ou yo, paske Bondye te beni m' anpil. Mwen pa manke anyen. Jakòb fòse Ezaou sitèlman, bout pou bout, Ezaou asepte. Li di: -Bon. Ann pati. Ann ale. M'ap pran devan ou. Men Jakòb reponn li: -Mèt mwen, ou konnen jan timoun yo fèb. Epi, fòk mwen pa bliye fenmèl mouton ak manman bèf yo ki nouris. Si m' fè yo mache twòp yon sèl jou, se kont pou yo tout mouri. Tanpri, mèt mwen, ou mèt pran devan nèg pa ou la, mwen menm m'ap vin dèyè ti pa ti pa, jan bèt yo ak timoun yo ka mache, jouk m'a rive lakay ou nan peyi Seyi. Ezaou di l': -Bon. m'a kite kèk moun nan moun pa m' yo avè ou? Jakòb reponn: -Se pa nesesè. Yon sèl bagay mwen mande, se pou mèt mwen bliye tout bagay. Menm jou a, Ezaou pati tounen nan peyi Seyi. Jakòb menm pati pou Soukòt. Lè li rive la, li bati yon kay pou li ak yon pak pou bèt li yo. Se sak fè yo rele kote sa a Soukòt. Lè Jakòb tounen soti Mezopotami, li rive anbyen lavil Sichèm, nan peyi Kanaran. Li moute tant li sou moso tè ki anfas lavil la. Li achte moso tè kote li te moute tant li a pou san (0100) pyès lajan nan men pitit Amò yo. Se Amò sa a ki te papa Sichèm. Jakòb bati yon lotèl la tou. Li rele l': Bondye se Bondye Izrayèl la.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.