Sarayi, madanm Abram, pa t' janm fè pitit. Sarayi te gen yon sèvant, moun peyi Lejip, yo te rele Aga. Sarayi di Abram konsa. Gade! Seyè a pa kite mwen fè pitit. Al kouche ak sèvant mwen an non. Ou pa janm konnen, li ka fè pitit pou mwen. Abram tonbe dakò ak sa Sarayi te di l' la. Se konsa, Sarayi, madanm Abram, pran sèvant li a, Aga ki te moun peyi Lejip, li bay Abram li pou madanm. Lè sa a, Abram te gen tan gen dizan nan peyi Kanaran. Abram kouche ak Aga. Aga vin ansent. Lè Aga wè li ansent, lògèy vire tèt li, li pa gade Sarayi, metrès li, pou anyen ankò. Lè sa a, Sarayi di Abram. Se fòt ou wi si m'ap sibi tout wont sa a. Se mwen menm ki te ba ou sèvant mwen an pou madanm. Men, depi li wè li ansent lan, li pa gade m' pou anyen ankò. Se Seyè a ki pou jije m' avè ou. Abram reponn Sarayi, li di l'. Sèvant ou pou ou. Li sou zòd ou. Ou gen dwa fè sa ou vle avè l'. Se konsa, Sarayi pran maltrete Aga sitèlman, Aga blije sove kite kay la pou li. Zanj Seyè a kontre Aga bò yon sous dlo nan dezè a sou wout ki mennen nan peyi Chour la. Li di l' konsa. Aga, sèvant Sarayi, kote ou soti la a? Kote ou prale? Aga reponn. M'ap kouri pou Sarayi, metrès mwen. Zanj Seyè a di l'. Tounen lakay metrès ou, soumèt ou devan li. Zanj lan di l' ankò. M'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Moun p'ap ka konte yo. Zanj lan di l' ankò. Gade! Ou ansent. Ou pral fè yon ti gason. Wa rele l' Izmayèl, paske Seyè a tande rèl ou nan tray w'ap pase a. Pitit gason ou lan va tankou yon bourik mawon. L'ap chache tout moun kont. tout moun va chache l' kont. Li p'ap mele ak tout frè l' yo. L'ap viv pou kont li. Aga di nan kè l'. Ou kwè se vre se mwen ki wè moun ki wè m' lan? Se konsa li bay Seyè a yon non, li rele l': Ou se Bondye ki wè m' lan. Se poutèt sa, yo rele pi dlo ki ant Kadès ak Barèd la: Pi moun vivan ki wè m' lan. Aga fè yon pitit gason pou Abram. Abram rele pitit la Izmayèl. Abram te gen katrevensizan lè Aga te fè Izmayèl.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.