Kèk tan apre sa, chèf kanbiz ak chèf boulanje wa Lejip la te fè mèt yo yon bagay. Farawon an te move ni sou chèf kanbiz la ni sou chèf boulanje a. Se konsa li te mete yo lakay kòmandan gad palè a, kote yo te fèmen Jozèf nan prizon an. Kòmandan gad palè a mete yo sou kont Jozèf pou l' sèvi yo. Yo pase kèk tan nan prizon an. Yon jou lannwit, antan yo nan prizon an, chèf kanbiz ak chèf boulanje wa a te fè yo chak yon rèv. Chak rèv te gen sans pa yo. Lè Jozèf vin jwenn yo nan denmen maten, li jwenn yo boulvèse. Li mande yo: -Poukisa nou kagou konsa jòdi a? Yo reponn li: -Nou chak fè yon rèv, men pa gen pesonn isit la ki ka esplike nou rèv yo. Jozèf reponn yo: -Eske se pa Bondye sèl ki ka esplike bagay konsa? Rakonte m' rèv nou yo. Chèf kanbiz la rakonte Jozèf rèv li te fè a, li di l': -Nan rèv mwen an, mwen wè yon pye rezen devan m'. Li te gen twa branch. Branch yo pran boujonnen, yo fè flè, yo fè rezen, rezen yo mi. Gwo gode farawon an te nan men mwen. Mwen pran rezen yo, mwen pije yo nan gode farawon an, lèfini mwen bay wa a li. Jozèf di li: -Men sa rèv la vle di: Twa branch yo se twa jou. Nan twa jou, farawon an pral chonje ou, li pral mete ou nan pozisyon ou ankò. Ou pral bay farawon an diven jan ou te konn fè l' anvan lè ou te chèf kanbiz li a. Men, lè tout bagay va mache byen pou ou, pa bliye m'. Tanpri, rann mwen sèvis sa a, pale ak farawon an pou mwen. Fè m' soti nan prizon sa a. Ou wè: se vòlè yo te vòlè m' nan peyi Ebre yo. Isit la menm, mwen pa t' fè anyen pou yo te mete m' nan prizon. Lè chèf boulanje a wè bèl esplikasyon Jozèf te bay lòt la, li di l': -Mwen menm tout mwen fè yon rèv. Mwen wè te gen twa panyen pen sou tèt mwen. Nan panyen ki te anwo nèt la, te gen tout kalite bagay yo konn kwit nan fou pou wa a. Men, zwazo t'ap manje yo nan panyen an sou tèt mwen. Jozèf reponn li: -Men sa rèv la vle di: Twa panyen yo se twa jou. Nan twa jou farawon an pral fè rele ou, l'ap fè yo pann ou nan yon pyebwa, kote zwazo ap vin dechèpiye ou. Sou twa jou vre, farawon an t'ap fè yon gwo resepsyon pou tout chèf ki t'ap sèvi avè l' yo, paske se te jou fèt li. Li fè rele chèf kanbiz la ak chèf boulanje a devan tout lòt chèf yo. Li mete chèf kanbiz la nan plas li ankò pou sèvi l'. Men, li fè pann chèf boulanje a, jan Jozèf te di yo a. Men, chèf kanbiz la pa dòmi reve Jozèf, li bliye l' nèt.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.