Izarak rele Jakòb, li beni l'. Apre sa, li ba li lòd sa a: -Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou. Leve non, ale Mezopotami lakay Betwèl, papa manman ou. W'a pran yonn nan piti fi Laban yo pou madanm. Laban, se frè manman ou. Mwen mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l' beni maryaj ou, pou l' ba ou anpil pitit, pou ou tounen zansèt anpil nasyon. Se pou l' beni ou, ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo, menm jan li te beni Abraram, pou ou ka pran posesyon peyi kote w'ap viv koulye a, peyi li te deja bay Abraram lan. Se konsa Izarak fè Jakòb pati. Jakòb ale nan Mezopotami lakay Laban, pitit Betwèl, moun peyi Aram lan. Laban se te frè Rebeka, manman Jakòb ak Ezaou. Ezaou vin konnen ki jan Izarak te beni Jakòb, ki jan li te voye l' Mezopotami al chache yon madanm. Li vin konnen tout lè Izarak t'ap beni Jakòb la, li te pase l' lòd sa a: Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou. Ezaou te wè Jakob te obeyi papa l' ak manman l', li te pati pou Mezopotami. Konsa, Ezaou vin wè Izarak papa l' pa t' renmen fi peyi Kanaran yo. Li leve, li ale lakay Izmayèl, lòt pitit gason Abraram lan, li pran yon lòt madanm mete sou sa li te genyen deja yo. Li marye ak Maalat, yonn nan pitit fi Izmayèl yo. Maalat sa a, se te sè Nebajòt. Jakòb kite Bècheba, li pati pou Karan. Li rive yon kote, li rete pase nwit la la, paske sòlèy te fin kouche. Li pran yon wòch sèvi l' zòrye, epi li kouche atè a konsa pou l' dòmi. Li fè yon rèv. Li reve li wè yon nechèl ki te kanpe de pye l' atè ak tèt li pèdi nan syèl la. Zanj Bondye yo t'ap moute desann sou nechèl la. Epi li wè Seyè a kanpe anwo nechèl la. Seyè a t'ap di: -Se mwen menm, Seyè a, Bondye Abraram, zansèt ou, ak Bondye Izarak. Ou wè tè kote ou kouche a, m'ap ba ou l' pou ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo. Pitit pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyè ki sou latè. Yo pral gaye nan tout direksyon, lès, lwès, nò, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latè. Pa bliye, m'ap toujou la avèk ou, m'ap voye je sou ou kote ou pase. M'ap fè ou tounen nan peyi sa a, paske mwen p'ap lage ou san m' pa fè tout sa mwen sot di ou la a. Jakòb leve nan dòmi an, li di: -Wè pa wè, Seyè a isit la, mwen pa t' konn sa. Msye vin pè, li di: -Isit la se yon kote pou moun respekte! Se pa lòt bagay, isit la se kay Bondye ak pòt syèl la. Jakòb leve byen bònè, li pran wòch li te fè sèvi l' zòrye a, li plante l' tankou yon bòn tè, li vide lwil sou li pou mete l' apa pou Bondye. Li rele kote sa a Betèl. (Anvan sa, lavil la te rele Louz.) Jakòb fè yon pwomès bay Seyè a, li di: -Si Bondye toujou kanpe avèk mwen, si li voye je sou mwen nan tout vwayaj sa m'ap fè a, si li ban m' manje pou m' manje ak rad pou m' met sou mwen, si l' fè m' tounen ak kè poze lakay papa m', Seyè a va Bondye m' vre. Wòch sa a mwen plante nan tè tankou bòn lan va sèvi kay pou Bondye. m'a ba ou yon dizyèm nan tout sa ou va ban mwen.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.