Abraram kite Manmre, li pati, li ale Negèv, li rete ant Kadès ak Chour kote li moute kay li. Pandan tout tan li t'ap viv nan peyi Gera a, li t'ap di se sè li Sara te ye. Se konsa, Abimelèk, wa peyi Gera a, fè yo mennen Sara ba li. Men pandan lannwit, Abimelèk fè yon rèv, li wè Bondye parèt devan li. Bondye di l'. Gade non, monchè. Ou pral mouri tande, paske Sara se yon madan marye. Men, Abimelèk pa t' gen tan kouche avè Sara. Li di. Mèt, èske w'ap kite yon pèp inonsan peri? Se Abraram ki di m' se sè li Sara ye. Sara pou tèt pa l' di m' se frè li Abraram ye. Mwen fè sa m' fè a san ankenn move lide. Mwen konnen mwen pa fè anyen ki mal. Bondye reponn li nan rèv la. Wi. Mwen konnen ou fè sa ou fè a san ankenn move lide dèyè tèt ou. Se poutèt sa mwen pa kite ou fè peche sa a kont mwen. Mwen pa kite ou fè madanm lan anyen. Men sa pou ou fè: renmèt nonm lan madanm li. Se yon pwofèt Bondye li ye. La lapriyè pou ou pou ou pa mouri. Men, si ou pa renmèt li, mwen tout di ou nou pral mouri, ou menm ansanm ak tout fanmi ou. Nan maten, bonè bonè, Abimelèk rele tout domestik li yo, li rakonte yo tout bagay. Yo tout yo te pè anpil. Lèfini, Abimelèk rele Abraram, li di l'. Kisa ou fè nou konsa? Kisa m' fè ou pou ou ta lakòz yon gwo malè konsa tonbe sou mwen ak sou peyi a? Sa ou fè nou la a, se bagay moun pa gen dwa fè. Abimelèk di Abraram ankò. Poukisa ou fè sa ou fè a? Abraram reponn li. Mwen te di nan kè m' pa gen moun ki gen krentif pou Bondye bò isit la. Mwen tè kwè yo ta ka touye m' poutèt madanm mwen. Men, se vre wi, se sè m' li ye. Nou menm papa, men nou pa menm manman. Epi se madanm mwen li ye tou. Se konsa, lè Bondye fè m' kite lakay papa m' pou m' al nan peyi etranje yo, mwen di Sara: m'ap mande ou pou rann mwen yon sèvis? Si ou renmen m' vre, tanpri, kote ou pase, se pou di se frè ou mwen ye. Lè sa a, Abimelèk renmèt Sara bay Abraram. Anmenmtan li ba li mouton, bèf ak domestik, fanm kou gason, pou sèvi l'. Li di Abraram. Gade! tout peyi m' lan devan ou. Rete kote ki fè ou plezi. Epi li di Sara. Mwen bay frè ou la mil (01.000) pyès lajan. Se pou sa ka fè moun ki la avè ou yo bliye sak te rive ou. Konsa, tout moun va konnen ou pa t' fè anyen ki mal. - Poutèt sa ki te rive Sara, madanm Abraram lan, Seyè a te fè tout fanm lakay Abimelèk pa t' kapab fè pitit. Abraram lapriyè pou Abimelèk, epi Bondye geri li. Bondye geri madanm li tout ansanm ak medam k'ap travay lakay li pou yo kapab fè pitit ankò.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.