Apre gwo inondasyon an, pitit Noe yo, Sèm, Kam ak Jafè, te fè pitit. Men non pitit gason yo te fè. Men pitit gason Jafè yo: Se te Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal, Mechèk ak Tiras. Gomè te fè twa pitit gason. Achkenaz, Rifat ak Togama. Se Javan ki te papa Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim. Se tout pitit ak pitit pitit Jafè yo sa ki zansèt tout moun k'ap viv nan zile yo, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon. Men pitit gason Kam yo. Se te Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran. Kouch te fè senk pitit gason: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Rama menm te gen de pitit gason: Seba ak Dedan. Kouch te gen yon lòt pitit gason yo te rele: Nimwòd. Nimwòd sa a, se premye moun ki te gwo chèf sou latè. Se te yon gwo chasè devan Seyè a. Se poutèt sa yo di. Gwo chasè devan Bondye tankou Nimwòd. Nan peyi kote li t'ap gouvènen an te gen lavil sa yo: Babèl, Erèk, Akad, Kalne nan peyi Chenea. Apre sa, li kite peyi a, li ale lavil Asou. Men lavil li bati yo: Neniv, Reobòt-Ir, Kalak. Lèfini, li bati lavil Rezèm ant Neniv ak Kalak. Kalak sa a te yon gwo lavil. Mizrayim fè pitit. Se yo ki zansèt moun peyi Lidi, peyi Anan, peyi Leyab ak peyi Naftou, peyi Patwous, peyi Kaslou ak peyi Kaftò. Se nan peyi Kaslou sa a moun Filisti yo soti. Premye pitit Kanaran se te Sidon. Apre sa vin Et. Se Kanaran tout ki papa Jebis, Amori, Gigach, Evi, Aka, Seni, Avad, Zema, Amat. Apre sa tout fanmi Kanaran yo gaye. Lizyè tè moun Kanaran yo pati depi lavil Sidon, li mete tèt sou Gera jouk li rive Gaza. Apre sa, li vire sou Sodòm ak Gomò, Adma ak Seboyim jouk li rive Lecha. Se tout pitit ak pitit pitit Kam yo sa, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon. Sèm te gran frè Jafè. Li te gen anpil pitit tou. Se li ki te zansèt tout pitit Ebè yo. Men pitit gason Sèm yo. Se te Elam, Asou, Apachad, Lidi ak Aram. Men pitit Aram yo. Se te Ouz, Oul, Getè ak Mach. Se Apachad ki te papa Chelak. Chelak menm te papa Ebè. Ebè te gen de pitit gason. Yonn te rele Pelèg, paske se nan tan li moun sou latè te divize yonn ak lòt. Yo te rele frè l' la Joktan. Joktan te papa Almodad, Chelèf, Azmavèt, Jerak, Adoram, Ouzal, Dikla, Obal, Abimayèl, Seba, Ofi, Avila ak Jobab. Yo tout se pitit Joktan yo te ye. Tè kote yo t'ap viv la te pran depi lavil Mecha, li moute kote lavil Sefa, jouk mòn ki bò kote solèy leve a. Se tout pitit ak pitit pitit Sèm yo sa, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon. tout moun sa yo se branch fanmi pitit Noe yo, dapre zansèt yo, nasyon pa nasyon. Apre gwo inondasyon an, tout nasyon ki sou latè soti nan pitit Noe yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.