Kònen klewon an! Malè ap fonn sou peyi Bondye a tankou malfini, paske moun yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Yo vire kont sa mwen te moutre yo a. Ou mèt tande yo di m': Ou se Bondye nou. Nou menm, moun Izrayèl, nou konnen ki moun ou ye! yo pa vle wè sa ki bon. Se poutèt sa lènmi gen pou leve dèyè yo. Yo rete yo chwazi wa mete alatèt yo, san mande m' si mwen dakò. Yo mete moun chèf san m' pa janm konnen. Yo pran lò ak ajan yo genyen, yo fè zidòl. Se sa k'ap fini ak yo a. Mwen pa ka sipòte estati towo bèf moun Samari yo ap adore a. Se konsa mwen fè kòlè, mwen fache anpil sou yo. Kilè y'a sispann sèvi zidòl? Se yon atizan peyi Izrayèl ki te fè zidòl la. Zidòl sa a, se pa ka yon bondye li ye. Estati towo bèf moun Samari yo, m'ap kraze l' an miyèt moso. Depi pèp la simen van, se move tan pou yo rekòlte. Yo tankou yon jaden ble ki pa jete grap, ki p'ap bay farin. Menm si li bay farin, se moun lòt nasyon k'ap vin manje tout. Pèp Izrayèl la fini nèt. Nan je lòt nasyon yo, li tankou yon vye kannari kraze ki pa vo anyen. Tankou yon bourik endont, moun Efrayim yo ap fè sa yo pito. Yo moute peyi Lasiri al mande konkou. Tankou fanm k'ap achte gason, yo bay lòt nasyon lajan pou pwoteje yo. Atout yo bay lòt nasyon yo kado, koulye a mwen pral mete yo tout nan menm sak pou m' pini yo. Talè konsa, yo pral nan lapenn lè wa Lasiri a va pran peze yo tout. Atout moun Efrayim yo bati lotèl toupatou pou wete peche, se menm lotèl sa yo ki fè yo tonbe pi rèd nan peche. Atout m' ekri pou yo anpil regleman sou lalwa mwen ba yo a, yo pran regleman yo pou bagay ki pa pou yo. Yo renmen fè ofrann bèt. Yo touye bèt yo ofri yo epi yo manje vyann lan. Men, mwen menm, Seyè a, se pa sa ki fè m' plezi. Koulye a mwen chonje tout peche yo fè, m'ap pini yo pou sa. M'ap fè yo tounen nan peyi Lejip. Moun Izrayèl yo bliye moun ki te fè yo a. Y'ap bati gwo palè. Moun Jida yo menm ap bati gwo lavil ak miray ranpa pou pwoteje yo. Men mwen menm, m'ap voye dife nan lavil yo. Dife a ap boule tout palè yo ak tout gwo kay yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.