Pèp Efrayim lan ap fè yon bann bagay ki p'ap rapòte yo anyen. Y'ap kouri siyen kontra ak moun k'ap fini ak yo. Tout lajounen y'ap plede bay manti sou manti. Se fè mechanste. Yo fè kontra avèk peyi Lasiri, y'ap fè kòmès lwil avèk peyi Lejip. Seyè a gen yon kont pou l' regle ak moun Jida yo tou. Li pral pini moun Jakòb yo dapre ajisman yo. Li pral fè yo peye sa yo fè a. Depi nan vant manman l', Jakòb, zansèt yo, t'ap goumen ak Ezaou, frè jimo li a. Lè li vin gran li goumen ak Bondye. Li mare batay ak yon zanj Bondye, epi li genyen. Lè sa a, Jakòb kriye, li mande pou zanj lan beni l'. Li kontre ak Bondye Betèl, Bondye pale avè l'. Se te Seyè ki gen tout pouvwa a. Seyè, se konsa yo rele li. Konsa, nou menm pitit pitit Jakòb yo, tounen vin jwenn Bondye nou. Pa janm sispann renmen l'. Fè sa ki dwat devan je li. Pran pasyans! Toujou konte sou Bondye. Seyè a di ankò: -Moun Izrayèl yo tankou moun Kanaran yo. Y'ap sèvi avèk fo mamit. Yo renmen fè mache nwa. Y'ap plede di: Nou fin rich. Nou fè yon bèl kòb. Men, nou travay di tou. Pesonn pa ka di nou te fè ankenn bagay mal pou n' gen tout lajan sa a! Men, mwen menm, se Seyè a, Bondye nou an mwen ye. Se mwen ki te mennen nou depi lè nou te moute kite peyi Lejip la. M'a pral fè nou rete anba tant twal ankò, jan nou te konn fè l' lè mwen te vin jwenn nou nan dezè a. Mwen te pale ak pwofèt yo. Se mwen ki fè yo fè anpil vizyon. Mwen fè yo bay pèp la anpil avètisman pou mwen. Pèp la ap adore zidòl lavil Galarad. Men, sa p'ap sèvi yo anyen. Y'ap ofri towo bèf lavil Gilgal. Men, lotèl yo ap tounen pil wòch nan jaden y'ap pare. Jakòb, zansèt nou an, te blije al kache nan peyi Aram. Lè l' te la, li te travay pou moun pou l' te ka jwenn yon fanm pou l' marye. Wi, li te fè metye gadò mouton pou l' te ka jwenn yon fanm. Seyè a voye yon pwofèt pou fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip. Li fè menm pwofèt la pran swen yo. Men, pèp Efrayim lan te fè bagay ki te fè Seyè a fache anpil. Se poutèt sa, l'ap fè yo peye krim yo fè a. L'ap fè yo peye wont yo te fè l' wont la.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.