Chak fwa mwen fè lide geri moun Izrayèl yo, sa ki parèt devan je mwen se move ajisman pitit Efrayim yo, se mechanste moun Samari yo. Yonn ap bay lòt manti, se kase kay moun pou vòlò. Nan lari, yo fè bann pou yo piye moun. Men, yo pa janm mete nan tèt yo m'ap toujou chonje tou sa yo fè. Men, yo kanpe nan mitan tout mechanste yo la devan je mwen. Nan mechanste yo, y'ap fè fèt pou wa a. Y'ap woule chèf yo, antan y'ap fè konplo. Se yon bann trèt yo ye. Yo pa kenbe pawòl yo. Yo tankou yon fou yo fin chofe byen chofe. Boulanje a fè yo sispann chofe fou a, l'ap tann pat li fin bat la leve anvan li anfounen l'. Konsa, jou y'ap fè fèt pou wa a, chèf yo malad anba diven, wa a menm bay lanmen ak ipokrit yo. Wi, lè y'ap fè konplo se tankou yon fou k'ap chofe. Tout lannwit, chalè a ap moute. Sa yo gen sou kè yo a ap kouve. Nan maten, bagay la pete tankou flanm dife. Yo gen yon chalè k'ap soti sou yo, cho tankou yon fou byen chofe. Yo devore moun k'ap gouvènen yo. Wa yo tonbe yonn apre lòt. Pa gen yon moun ki rele m' mande sekou. Moun Efrayim yo pa pi bon pase yon pen ki kwit yon sèl bò. Yo pèdi valè yo. Moun Efrayim yo melanje ak moun lòt nasyon ki toupatou bò kote yo. Moun lòt nasyon yo fin souse tout fòs yo. Yo menm yo pa konn sa. Yo gen tan fini, yo prèt pou mouri tankou vye granmoun cheve blan, yo pa menm wè sa. Se awogans moun Izrayèl yo k'ap fè yo kondannen yo. Men, malgre tou sa ki rive yo, yo pa tounen vin jwenn mwen, mwen menm Seyè a, Bondye yo a. Yo pa chache kote m' ye. Moun Efrayim yo fin egare, yo tankou pijon ki pèdi bann yo, yo pa konn sa y'ap fè. Yon lè, se Lejip yo rele vin ede yo. Yon lòt lè, yo kouri al jwenn moun peyi Lasiri yo. Men, antan yo prale konsa, mwen pare yon pèlen pou yo, mwen pran yo tankou zwazo k'ap vole nan syèl. M'ap pini yo pou mechanste yo fè yo. Madichon pou yo! Yo kouri vire do ban mwen. Y'ap fini nèt. Yo pa kenbe pawòl yo ak mwen. Yo leve dèyè mwen. Mwen te vle sove yo, men y'ap fè manti sou mwen. Lè yo kouche sou kabann yo ap plenn, yo pa lapriyè m' ak tout kè yo. Lè yo bezwen farin ak diven, y'ap kòche kò yo ak kouto tankou moun lòt nasyon yo, yo trayi m'. Atout se mwen menm ki te mennen yo, ki te ba yo fòs, yo fè konplo sou mwen. Yo vire do ban mwen pou y' al dèyè lòt bondye. Yo tankou yon banza ki pa ka sèvi ankò. Chèf yo ap pale ak twòp awogans. Se poutèt sa, yo pral mouri nan lagè. Lè sa a, moun peyi Lejip yo pral pase yo nan kont rizib yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.