Pèp la di: -Annou wè non! Ann tounen al jwenn Seyè a! Se li menm ki blese nou, se li menm ankò ki ka geri nou! Se li ki mete san nou deyò, se li ki ka mete renmèd sou malenng nou yo. Apre de jou, l'a ban nou lavi ankò. Sou twazyèm jou a, l'a fè nou kanpe ankò, n'a viv ankò devan je l'. N'a konnen Seyè a, n'a toujou chache konnen Seyè a pi byen. Tankou nou sèten solèy la gen pou l' leve, konsa tou nou sèten n'ap jwenn li. Tankou nou sèten lapli gen pou l' wouze latè lè sezon l' rive, konsa tou nou sèten l'ap vin jwenn nou. Seyè a di: -Nou menm moun Efrayim, kisa pou m' fè ak nou? Nou menm moun Jida, kisa pou m' fè ak nou? Nou renmen m', se vre. Men se pou yon ti tan. Ou ta di yon ti nwaj ki pase anvan solèy leve. Wi, tankou lawouze ki disparèt anvan solèy fin leve. Se poutèt sa mwen voye pwofèt mwen yo pou manyè pini nou. Mwen mete pawòl nan bouch yo ki ta kont pou touye nou. Mwen fè nou konnen sa mwen vle nou fè, mwen mete l' aklè devan nou. Mwen ta pito wè nou renmen m' tout bon pase pou n'ap fè tout ofrann bèt sa yo ban mwen. Mwen ta pito wè nou chache konnen m' vre, mwen menm Bondye nou an, pase pou n'ap boule tout bèt sa yo pou mwen. Men, yo menm, rive yo rive Adam, yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Lamenm, yo vire do ban mwen, yo pa kenbe pawòl yo. Galarad se yon lavil ki plen moun k'ap fè mechanste. Kote ou pase, se mak san moun yo touye. Prèt yo menm, se tankou yon bann ansasen k'ap veye moun sou granchemen. Sou tout wout ki mennen lavil Sichèm, se touye y'ap touye moun. Yo konnen byen pwòp tou sa y'ap fè a mal. Atousa yo fè l'. Mwen wè yo fè nan peyi Izrayèl la yon bagay ki fè m' tranble: Moun Efrayim yo lage kò yo nan sèvi zidòl. Moun Izrayèl yo ap fè bagay ki mete yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen. Men, pou nou menm tou, moun peyi Jida, mwen fikse yon jou pou pini nou pou tou sa nou fè, lè m'a fè moun yo depòte yo tounen nan peyi yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.