Tounen vin jwenn Bondye nou non, nou menm pitit Izrayèl yo! Se peche nou yo ki te fè nou tonbe. Tounen vin jwenn Seyè a! Men sa pou nou di li: Padonnen tout peche nou yo. Asepte sa n'ap mande ou la a. Nou p'ap ofri ou towo bèf ankò, n'ap fè lwanj ou pito. Moun Lasiri yo p'ap janm ka sove nou. Nou p'ap mete konfyans nou ankò nan chwal pou fè lagè. Nou p'ap janm gade zidòl nou fè ak men nou pou nou di yo se yo ki bondye nou. Nou rekonèt, Seyè, se ou menm ki gen pitye pou timoun ki san papa. Seyè a di ankò: -M'ap rale pèp la tounen vin jwenn mwen ankò. M'ap renmen yo ak tout kè m'. Mwen p'ap ankòlè sou yo ankò. M'ap tankou lawouze pou moun Izrayèl yo. Yo pral fleri tankou flè nan jaden. Yo pral pouse rasin tankou pyebwa nan peyi Liban. Yo pral boujonnen sou tout kò yo. Y'ap bèl tankou pye oliv. Y'ap santi bon tankou pye sèd peyi Liban. Yo gen pou yo tounen vin rete anba zèl mwen pou m' pwoteje yo. Jaden ble yo pral donnen ankò. Yo pral fleri tankou pye rezen. Non yo ap nan tout bouch tankou bon mak diven yo fè nan peyi Liban. Nou menm moun Izrayèl, konnen mwen pa gen anyen pou mwen wè ak zidòl. Mwen menm m'a reponn yo lè y'ap lapriyè. M'ap okipe yo tankou pye bwapen ki rete toujou vèt, m'ap ba yo lonbraj. Se mwen menm k'ap ba yo tout kalite benediksyon. Se pou moun ki gen konprann chache konprann sa ki ekri la a. Se pou moun ki gen lespri chache konprann li. Paske chemen Bondye se chemen ki dwat. Moun k'ap viv dapre volonte Bondye ap mache ladan l' san anyen p'ap rive yo. Men, moun ki vire do yo bay Bondye ap bite sou wout la.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.