Men mesaj Seyè a te bay Oze, pitit Beeri, nan tan Ozyas, Jotam, Akaz ak Ezekyas te wa, yonn apre lòt, nan peyi Jida. Lè sa a, se Jewoboram, pitit Joas, ki te wa nan peyi Izrayèl. Premye fwa Seyè a t'ap bay Oze mesaj pou pèp Izrayèl la, li di l' konsa: -Leve non! Al marye ak yon fanm jennès nan san ki pral twonpe ou. Kanta pou pitit w'ap gen avè l' yo, y'ap gen menm san jennès la tou. Se konsa pèp la vire do ban mwen. Yo pa kenbe pawòl yo te gen avè m'. Se konsa, Oze leve, li al marye ak Gomè, pitit fi Diblayim. Gomè vin ansent, li fè yon pitit gason. Seyè a di Oze konsa: -W'a rele l' Jizreyèl paske talè konsa, mwen pral pini wa Izrayèl la pou krim Jeou, zansèt li a, te fè lavil Jizreyèl. Mwen pral wete gouvènman an nan men moun ras Izrayèl yo. Jou sa a, m'ap kraze tout zam pèp Izrayèl yo nan Fon Jizreyèl la. Gomè vin ansent ankò. Li fè yon pitit fi. Lè sa a, Seyè a di Oze konsa: -W'a rele l' Lowouchama, paske m'ap san pitye pou moun Izrayèl yo ankò. p'ap gen padon pou yo. Men, m'ap gen pitye pou moun peyi Jida yo. Mwen menm, Seyè a, Bondye yo a, m'ap delivre yo. Men, mwen p'ap fè l' ni avèk flèch, ni avèk nepe, ni nan goumen, ni avèk chwal ak kavalye. Apre Gomè fin sevre Lowouchama, li vin ansent ankò. Li fè yon pitit gason. Lè sa a, Seyè a di Oze: -W'ap rele l' Lorami, paske moun peyi Izrayèl yo pa moun pa m' ankò. Mwen menm, mwen pa Bondye yo ankò. Moun pèp Izrayèl yo va tankou sab bò lanmè: moun p'ap ka ni konte yo, ni konnen kantite ki va genyen. Si koulye a Bondye ap di: Nou pa moun pa m' ankò, yon jou l'a di yo: Nou se pitit Bondye vivan an. Moun peyi Jida ak moun peyi Izrayèl va mete tèt yo ansanm ankò. Y'a chwazi yon sèl chèf pou mache alatèt yo. Y'a grandi. Zafè yo va mache nan peyi a. Wi, jou Jizreyèl la pral yon gwo jou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.