Koute sa byen, nou menm prèt yo! Pare zòrèy nou, nou menm pitit Izrayèl yo! Louvri zòrèy nou, nou menm ki fanmi wa a! Se nou menm y'ap jije koulye a. Nou tounen yon pyèj sou mòn Mispa. nou tounen yon pèlen yo mete sou mòn Tabò. Moun k'ap fè mechanste yo al twò lwen. Se mwen menm k'ap pini yo tout. Depi lontan mwen konnen moun Efrayim yo. Pou moun Izrayèl yo menm, nanpwen anyen sou yo mwen pa konnen. Moun Efrayim yo lage kò yo nan fè tankou jennès, yo kite m' pou lòt bondye. Moun Izrayèl yo menm mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen. Avèk tou sa pèp la ap fè a, yo pa ka tounen vin jwenn Bondye yo a ankò. Yo pran nan sèvi zidòl. Yo pa konnen Seyè a ankò! Sa pèp Izrayèl la ap fè nan awogans li, se sa k'ap lakòz yo kondannen l'. Avèk peche moun Izrayèl ak moun Efrayim yo ap plede fè yo, y'ap bite, y'ap tonbe. Menm moun peyi Jida yo ap bite ansanm ak yo tou. Y'a pran mouton ak bèf pou fè ofrann pou Seyè a. Y'a chache l', men yo p'ap jwenn li, paske li wete kò l' sou yo. Yo pa t' kenbe pawòl yo ak Seyè a, yo twonpe l'. Yo fè yon bann timoun ki pa janm konnen Bondye. Nan yon sèl mwa, Bondye ap detwi yo nèt ansanm ak tout jaden yo. Kònen klewon an lavil Gibeya! Sonnen avètisman an lavil Rama! Bay rèl lavil Betavenn pou moun yo pare pou lagè! Leve pye nou, moun Benjamen! Lènmi dèyè nou. Jou pou yo pini moun Efrayim yo rive. Y'ap fini nèt avèk yo. M'ap kanpe nan mitan tout branch fanmi Izrayèl yo, m'ap fè yo konnen sa ki gen pou rive vre. Seyè a di ankò: Chèf peyi Jida yo fè menm bagay ak moun k'ap deplase bòn pou antre sou tè moun. M'ap move sou yo, m'ap vare sou yo tankou lavalas k'ap desann! Moun Efrayim yo ap soufri anba moun k'ap peze yo a. Yo pèdi tè ki pou yo dapre lalwa, paske yo te soti pou yo te swiv moun ki pa gen anyen pou bay. M'ap fini ak moun Efrayim yo, m'ap manje yo tankou poudbwa manje bwa. M'ap disparèt moun peyi Jida yo, m'ap fè yo tounen pouriti. Moun Efrayim yo wè jan peyi a te malad, moun Jida yo te wè eta malenng peyi a. Lè sa a, moun Izrayèl yo kouri al mande sekou nan peyi Lasiri, yo voye moun al mande gran wa a sekou. Men, gran wa sa a pa ka ban nou gerizon, ni li p'ap ka geri malenng nou yo. M'ap atake moun Efrayim yo tankou yon lyon. M'ap tonbe sou moun Jida yo tankou yon jenn ti lyon. Wi, se mwen k'ap dechire yo an miyèt moso. Apre sa, m'ap kite yo, m'ap depòte yo byen lwen peyi yo. Pesonn p'ap ka sove yo anba men m'. M'ap vire do m' tounen lakay mwen jouk y'a rekonèt fòt yo. Se lè sa a y'a chache m'. Wi, lè y'a wè jan y'ap soufri a, y'a mete chache m'.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.