Pèp Izrayèl la te tankou yon bèl pye rezen ki te konn donnen anpil. Plis pye rezen an t'ap donnen, se plis yo t'ap bati lotèl pou zidòl. Plis tè a t'ap bay, se plis yo t'ap fè pi bèl estati pou zidòl yo. Yo pa t' sensè! Koulye a, yo pral peye pou sa yo fè: Bondye pral kraze ni lotèl yo, ni estati yo. Talè konsa, y'a di: -Nou pa gen wa, paske nou pa pè Seyè a. Lèfini, yon wa, sa l' ka fè pou nou? Men, tou sa se pale mete la. Y'ap fè sèman yo p'ap kenbe. Y'ap siyen kontra ki p'ap sèvi yo anyen. Nan tribinal, y'ap rann move jijman. Se tankou move zèb k'ap pouse nan yon jaden ou fèk pare. Moun ki rete lavil Samari pral tranble tèlman y'ap pè pou ti bèf an lò Betavenn yo. Y'ap kriye paske yo pèdi l'. Prèt yo tou ap pouse rèl, paske sa ki te fè pouvwa yo a, yo wete l' nan mitan yo. Yo pran zidòl la, yo mennen l' ale nan peyi Lasiri. Yo fè gwo wa a kado l'. Yo pral fè Efrayim wont. Wi, pèp Izrayèl la pral wont paske yo t'ap swiv move konsèy. Y'ap fini ak lavil Samari a, wa li a ap disparèt tankou kim sou dlo. Yo gen pou yo fè disparèt tout kote pèp Izrayèl la te konn adore zidòl sou mòn Betavenn yo. Pikan ak raje ap pouse sou lotèl yo. Moun yo va rele, y'a mande mòn yo pou tonbe sou yo, y'a mande ti mòn yo pou kache yo. Seyè a di: -Nou menm moun Izrayèl, depi nou te lavil Gibeya, n'ap fè peche. Depi lè sa a, nou pa janm sispann. Se konsa, lagè y'ap mennen kont mechan yo ap vire sou nou jouk lavil Gibeya. Se poutèt sa, mwen soti pou m' pini yo. Moun lòt nasyon ap mete tèt ansanm sou do yo. Wi, y'ap pini yo akòz peche yo fè. Te gen yon lè Efrayim te tankou yon jenn ti gazèl byen drese, li te renmen degrennen mayi sou glasi. Men, koulye a, m'ap mete yon jouk sou bèl ti kou l' la, m'ap sele l' pou fè l' travay pi di. M'ap fè moun Jida yo raboure tè. Moun Jakòb yo menm, m'ap fè yo kraze boul tè. Mwen te di yo: Kenbe kè nou nan kondisyon pou nou sèvi Bondye. Fè sa ki dwat devan Bondye. Konsa n'a rekòlte benediksyon m'ap ban nou paske n'ap sèvi m' ak tout kè nou. Fè bwa nèf. Wi, li lè pou nou tounen vin jwenn mwen. M'a vini, m'a vide benediksyon sou nou tankou lapli. Men, nou te pito fè sa ki mal devan je m'. Se konsa, nou rekòlte sa ki mal tou. N'ap peye manti nou te bay yo. Nou fè sa ki nan lide nou. Nou te mete konfyans nou nan gwo kantite sòlda nou te genyen. Se konsa, lènmi pral tonbe sou moun nou yo. Y'a detwi tout fò nou yo. Se va tankou lè wa Chalman te sakaje lavil Betabèl jou gwo batay la. Lè sa a, yo te kraze ata manman ak pitit. Men sa k'ap rive nou, nou menm moun lavil Betèl. Poutèt gwo mechanste nou te fè a, konmanse batay la va konmanse, wa Izrayèl la gen pou mouri.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.