Nan tan lontan, lè moun Efrayim yo te pale, tout moun te pran tranble. Yo te rive chèf sou tout lòt branch fanmi Izrayèl la. Men, y' al fè sa ki mal. Y' al adore Baal. Se poutèt sa yo pèdi pye. Jouk koulye a, y'ap fè peche toujou. Y'ap pran kwiv, y'ap fonn li pou fè estati zidòl. Y'ap fè bèl zidòl an ajan jan yo konnen. Tou sa se travay atizan fè ak men yo. Apre sa yo di: Ann ofri bèt pou touye ba yo! Koulye a nou wè se moun k'ap bo estati bèf! Konsa, moun sa yo ap disparèt tankou yon vapè ki leve granmaten, tankou lawouze lè solèy fin leve. Y'ap tankou pay van an ap leve soti sou glasi. Y'ap tankou lafimen k'ap soti nan yon fetay kizin. Seyè a di ankò: Se mwen menm ki Seyè a, Bondye ou la. Se mwen menm ki te fè soti kite peyi Lejip. Ou pa konn lòt bondye pase mwen menm. Se mwen menm ase ki ka sove ou. Mwen te okipe ou lè ou te nan dezè a, nan peyi ki pa gen dlo menm lan. Men, lè yo rive nan peyi ki gen bon tè a, yo manje plen vant yo, lògèy vire tèt yo, se konsa yo bliye m'. Se poutèt sa, m'ap tonbe sou yo tankou yon lyon. Tankou yon leyopa, mwen pral anbiske kò m' sou wout yo ap tann yo. M'ap tonbe sou yo tankou yon manman lous yo pran pitit li. M'ap dechire yo. M'ap devore yo lamenm tankou yon fenmèl lyon. M'ap dechire yo tankou yon bèt nan bwa. M'ap detwi nou, nou menm pèp Izrayèl la, paske nou vire sou do mwen, mwen menm ki tout sekou nou. Nou te mande pou yo ban nou yon wa ansanm ak lòt chèf. Men, kote wa ki pou te sove nou an? Kote tout chèf ki pou te defann nou yo? Mwen te fè kòlè, mwen te ban nou wa a. Men, apre sa, nou fè m' fache pi rèd, mwen wete l' nan mitan nou. Mwen make tou sa Efrayim fè ki mal sou papye. Mwen sere l' byen lwen. Nan tout malè sa a, Efrayim te gen yon chans ankò pou l' ta sove. Men, li twò sòt, l'ap pèdi chans lan. Se tankou yon ti bebe ki rive sou dat pou l' fèt men ki pa vle soti nan vant manman l'. Mwen p'ap sove pèp la anba lanmò. Mwen p'ap anpeche yo desann nan peyi kote mò yo ye a. Annavan, lanmò! Vini ak tout malè ou yo! Nou menm ki chèf nan peyi kote mò yo ye a, vin detwi pèp la. Mwen p'ap janm gen pitye pou pèp sa a ankò. Menm si Izrayèl ta fleri tankou wozo bò dlo, m'ap fè yon van leve nan dezè kote solèy leve a, m'ap fè l' vante sou li, l'ap cheche tout sous dlo ak tout fontenn li yo. L'ap pran tout bagay ki gen valè nan byen l' yo, l'ap pote yo ale. Peyi Samari a pral peye pou sa l' fè a, paske li te leve sou do Bondye li a. Yo pral mouri nan lagè. Y'ap pran pitit yo, y'ap kraze yo atè, y'ap fann vant fanm ansent yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.