Mache toupatou nan lavil Jerizalèm. Louvri je nou! Gade sa k'ap fèt! Chache sou tout plas piblik yo! Eske nou jwenn yon nonm, yon sèl k'ap fè sa ki dwat, ki p'ap chache twonpe Bondye? Si nou jwenn yonn, m'ap padonnen tout lavil la. Yo te mèt pran non m' pou fè sèman, se pou twonpe moun. Seyè, mwen konnen se moun ki p'ap twonpe ou w'ap chache! Ou frape yo, sa pa fè yo anyen. Ou kraze yo, yo derefize aprann. Tèt yo di kou wòch. Yo derefize tounen vin jwenn ou! Mwen di nan kè m': Se yon bann tèt mare ki pa konprann anyen, yo fin fou! Yo pa konnen ni sa Seyè a mande yo fè, ni sa Bondye yo a vle yo fè. Mwen pral jwenn grannèg yo, m'a pale ak yo. Sèten, yo menm yo konnen ni sa Seyè a mande yo fè, ni sa Bondye yo a vle yo fè. Men, pa gen yonn ladan yo ki rekonèt otorite Bondye ankò. Yo tout ap fè sa yo pito. Se poutèt sa lyon ki nan rakbwa ap devore yo. Chen mawon ki nan savann ap dechèpiye yo. Leyopa ap anvayi lavil yo. Si yon moun mete tèt deyò, y'ap depatcha li. Paske yo fè anpil peche. Se tout tan y'ap twonpe Bondye! Nan kondisyon sa a, ki jan pou m' ta padonnen moun lavil Jerizalèm yo? Yo vire do ban mwen. Y'ap pran non yon bondye ki pa Bondye tout bon pou fè sèman. Mwen te ba yo tou sa yo bezwen. Men, yo lage kò yo nan fè adiltè. Y'ap goumen konsa pou yo antre kay jennès. Yo tankou poulen chwal byen gra ki cho dèyè jiman. Y'ap plede kouri dèyè madanm frè parèy yo. Atò, pou m' pa ta pini yo pou sa? Pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm Seyè a ki di sa Se pou moun eskalade miray yo. Se pou moun devaste jaden yo. Men, yo pa bezwen fini nèt ak yo. Se pou yo rache branch yo met atè, paske se pa pou mwen yo ye. Ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo trayi m' nèt. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Wi, yo nye Seyè a. Y'ap plede di: Seyè a pa egziste! Pa gen malè ki pou rive nou. P'ap gen lagè. P'ap kras gen grangou! Pwofèt yo p'ap di anyen la a. Se pa Bondye k'ap pale nan bouch yo. Malè yo wè a, se sou yo pou l' tonbe. Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di m': -Jeremi, poutèt sa yo di a, m'ap fè pawòl mwen mete nan bouch ou tounen yon dife. Yo menm, y'ap tankou fachin. Dife a pral boule yo nèt. Men sa Seyè a di ankò: -Nou menm, pèp Izrayèl, Seyè a pral fè yon nasyon soti byen lwen vin atake nou, yon nasyon ki fò, yon nasyon ki la depi lontan, yon nasyon ki pale yon lang nou pa konnen, yon nasyon nou p'ap konprann sa y'ap di. Sòlda k'ap tire flèch yo se vanyan gason yo ye, y'ap touye moun san gad dèyè. Y'ap devore tout rekòt ak tout manje nou yo. Y'ap touye ni pitit gason, ni pitit fi nou yo. Y'ap koupe tèt bèf, tèt kabrit ak tèt mouton nou yo. Y'ap koupe dènye pye rezen ak dènye pye fig frans nou yo met atè. Y'ap kraze dènye lavil ak ranpa nou te kwè ki ta ka pwoteje nou yo. Y'ap vini atake nou ak nepe. Men sa Seyè a di ankò: -Men, menm lè sa a, mwen p'ap detwi pèp mwen an nèt. Lè y'a mande poukisa Seyè a, Bondye yo a, ap fè yo sibi tou sa, w'a di yo: Menm jan yo te vire do ban mwen pou y' al sèvi bondye moun lòt nasyon yo isit nan pwòp peyi yo a, konsa tou, nou pral sèvi moun lòt nasyon yo nan yon peyi ki pa pou nou. Seyè a di ankò: -Men sa pou ou di moun fanmi Jakòb yo. Men sa pou ou fè moun Jida yo konnen. Di yo konsa: Louvri zòrèy nou byen pou nou tande, bann egare san konprann! Nou gen je, men nou pa ka wè. Nou gen zòrèy, men nou pa ka tande. Se Seyè a k'ap pale ak nou: Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Se mwen menm ki mete sab pou sèvi limit pou lanmè a, yon limit k'ap la pou tout tan, yon limit li p'ap ka janm depase. Lanm lanmè yo mèt move, yo p'ap ka fè anyen. Lanmè a te mèt gwonde, li p'ap ka janm depase l'. Men pèp la gen tèt di, yo pa vle koute. Yo vire do ban mwen, y' al kite m'. Sa pa janm vin nan lide yo pou yo di: Annou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, li menm ki voye lapli lè pou n' gen lapli, ki ban nou sezon rekòt nou chak lanne. Se mechanste nou ki boulvèse tout bagay sa yo. Se peche nou yo ki fè nou pa jwenn tout bon bagay sa yo. Gen yon bann mechan k'ap viv nan mitan pèp mwen an. Y'ap veye konsa tankou moun k'ap tann kabann pou zwezo. Yo mete pèlen pou pran moun. Menm jan chasè yo plen kalòj yo ak zwezo, konsa tou, yo plen kay yo ak sa yo vòlò. Se sa ki fè yo grannèg, yo rich konsa. Yo gra, po figi yo klere ak grès. Yo pa gen limit nan fè sa ki mal. Pou yo ka rive, yo kraze tout moun anba pye yo, ata timoun san papa. Yo pa defann kòz malere. Atò, pou m' pa ta pini yo pou sa? Pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Sa k'ap pase nan peyi a, se bagay pou moun mete men nan tèt, bagay pou fè moun pè. Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l' konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?
Jeremi 5
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.