Men, koute sa Seyè a di sou nou, nou menm moun pèp Izrayèl yo. Li di konsa: -Piga nou swiv lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pèdi tèt nou lè nou wè siy nan syèl la. Se moun lòt nasyon yo ki pou pè lè konsa. Relijyon moun sa yo pa vo anyen. Yo koupe yon pyebwa nan rakbwa, yo fè yon bòs atizan travay li ak sizo. Yo dekore l' ak ajan, ak lò. Yo pran mato ak klou yo kloure l' pou fè l' kanpe pou l' pa tonbe. Bondye sa yo kanpe tankou pikèt nan jaden konkonm. Yo pa ka pale. Se pote pou yo pote yo, paske yo pa ka mache. Nou pa bezwen pè yo, yo pa ka fè anyen ni an byen ni an mal. Seyè, pa gen tankou ou! Ou gen pouvwa. Yo respekte ou pou sa ou fè. Ou se wa tout nasyon. Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou! Nan tout moun lespri ki sou latè, nan tout chèf yo, pa gen tankou ou! Yo tout se yon bann egare san konprann. Kisa zidòl bwa yo ka moutre yo pase sa? Ajan an, se nan peyi Tasis li soti an fèy plat. Lò a soti nan peyi Oufaz. Tou sa se travay bòs atizan ak bòs fòjon. Yo pran twal violèt ak twal wouj pou fè rad mete sou zidòl yo. Sa tou, se atizan ki fè yo ak men. Men ou menm Seyè, ou se Bondye tout bon an, Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an. Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble, nasyon yo pa ka sipòte. Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, n'a di moun lòt nasyon yo konsa: Tout bondye sa yo ki pa t' fè syèl la ak latè a pral disparèt sou latè, yo yonn p'ap rete anba syèl la. Seyè a te fè latè ak fòs pouvwa li. Li kreye dènye bagay ak bon konprann li. Avèk entèlijans li, li louvri syèl la anwo latè. Li pase lòd, epi dlo ki anwo syèl la pran gwonde. Li fè gwo nwaj yo moute soti toupatou. Li fè zèklè yo klere pou fè lapli vini. Li fè van yo soti kote li te sere yo. Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo. Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo. Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo. Se li menm ki fè tout bagay. Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l' pa l'. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'. Nou menm moun lavil Jerizalèm, lènmi sènen nou toupatou. Ranmase pakèt nou! Men sa Seyè a di nou: Fwa sa a mwen pral mete nou deyò nan peyi a. M'ap bare chemen nou pou nou yonn pa chape. Moun Jerizalèm yo rele: -Ki malè sa a pou nou! Nou pran! Pa gen anyen ki ka sove nou! Nou te kwè se yon malè nou ta ka sipòte. Yo ravaje tout tant nou yo. Yo koupe tout kòd ki te kenbe yo. Nou pèdi tout pitit nou yo, yo pote yo ale. Pa gen pesonn pou mete tant nou yo kanpe ankò, pesonn pou moute rido nou yo. Mwen reponn: -Chèf nou yo fin pèdi tèt yo. Yo pa mande Bondye konsèy. Se poutèt sa yo pa t' kapab fè anyen. Yo kite pèp la andebandad. Koute non! Nouvèl la ap kouri vini! Gen yon gwo mouvman nan peyi bò nò a. Lame l' yo pral fè lavil peyi Jida yo tounen mazi, kote bèt nan bwa rete. Seyè, mwen konnen pesonn pa mèt tèt yo, pesonn pa ka kontwole kote yo prale. Korije pèp ou a, Seyè. Men, pa peze l' twòp! Pa fè kòlè sou li, paske w'a fini avè l'. Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo. Paske se yo menm k'ap fin touye pitit Jakòb yo. Y'ap touye yo nèt. Yo fin ravaje peyi kote nou rete a.
Jeremi 10
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.