Nan dizyèm mwa, nevyèm lanne rèy Sedesyas, wa peyi Jida a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vini ak tout lame li a, li atake lavil Jerizalèm. Li sènen li toupatou. Sou nevyèm jou nan katriyèm mwa, onzyèm lanne rèy Sedesyas la, lènmi yo fè yon twou nan miray ranpa a. Lè sa a, tout gwo chèf wa Babilòn yo antre nan lavil la, yo pran pozisyon nan Pòtay Mitan an: Te gen Negal Sarezè, Samga-Nebo, Sasekim, ki te chèf nèg konfyans wa yo, yon lòt Negal-Sarezè ki te chèf konseye yo ansanm ak tout lòt gwo chèf wa Babilòn yo. Lè wa Sedesyas ak tout sòlda li yo wè sa, yo tann lannwit rive, yo mete deyò. Yo pase nan jaden wa a, yo soti nan pòtay kote de miray yo kontre a, yo kite lavil la. Yo pran chemen ki mennen nan Fon Jouden an. Men, sòlda lame Babilòn yo rapouswiv yo. Yo mete men sou Sedesyas nan plenn toupre lavil Jeriko a. Yo pran l', yo mennen l' bay Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla, nan peyi Amat. Rive la, wa Babilòn lan bay lòd sa pou yo fè Sedesyas. Li fè yo touye pitit gason Sedesyas yo la devan je msye. Li fè touye tout chèf peyi Jida yo tou. Apre sa, li fe yo pete de je Sedesyas. Lèfini, li fè yo mare l' ak de chenn kwiv pou yo mennen l' Babilòn. Moun Babilòn yo menm, bò pa yo, mete dife nan kay wa a, nan kay tout grannèg yo epi yo kraze miray ranpa lavil Jerizalèm. Lèfini, Nebouzaradan, chèf gad yo, pran tout rès moun ki te rete nan lavil la ansanm ak sa ki te kouri kite lavil la, li depòte yo lavil Babilòn. Men, li kite tout moun ki pòv yo, tout moun ki pa gen anyen yo rete nan peyi Jida a. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo travay. Men Nèbikadneza, wa lavil Babilòn, bay Neboucharadan, chèf lagad la lòd sa a pou Jeremi: -Chache kote Jeremi ye. Pran swen li byen. Pa fè l' anyen. Okontrè, tout sa l'a mande, w'a ba li l'. Se konsa Neboucharadan, chèf lagad la, Nebouchasban, chèf nèg konfyans yo, Negal-Sarezè, chèf konseye yo, ansanm ak tout lòt chèf wa Babilòn yo voye chache Jeremi nan lakou gad palè yo. Yo renmèt li nan men Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, ki te pou fè l' rive lakay li san danje. Se konsa Jeremi te rete nan mitan pèp la. Antan Jeremi te nan prizon nan lakou gad palè yo, Seyè a te pale avè l' pou di l' konsa: -Al pale ak Ebèdmelèk, moun peyi Letiopi a. W'a di li men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen pral fè tou sa mwen te di ki gen pou rive a rive vre. Se va pou malè lavil la, se p'ap pou byen li. Lè sa a, w'a la pou wè tout bagay. Men jou sa a m'ap sove ou. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Ou p'ap tonbe nan men moun k'ap fè ou pè yo. Se vre wi, m'ap sove ou, yo p'ap touye ou. W'ap sove, w'ap vivan paske ou te gen konfyans nan mwen. Wi, se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremi 39
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.