Ou menm Seyè, ou pa nan patipri. Mwen pa ka nan plede avè ou. Men, mwen ta renmen mande ou yon bagay sou sa w'ap fè a. Poukisa zafè mechan yo mache byen konsa? Poukisa tout moun malonèt yo alèz konsa? Ou plante yo, yo pran rasin. Yo grandi, yo donnen. Non ou toujou nan bouch yo! Men, nan kè yo, yo pa sou bò ou. Men, ou menm Seyè, ou konn ki moun mwen ye, ou wè sa m'ap fè, ou wè jan m' renmen ou. Pote mechan yo ale tankou mouton y'ap mennen labatwa! Kenbe yo la jouk lè a va rive pou yo touye yo! Kilè n'a sispann wè tè a sèk? Kilè n'a sispann wè zèb nan jaden yo ap fennen? Zannimo yo ap mouri, zwezo yo ap depafini. Tou sa, akòz mechanste pèp la k'ap plede di Bondye pa wè sa n'ap fè. Seyè a di: -Jeremi, si ou pèdi souf lè w'ap kouri ak moun, ki jan ou ka fè kouri ak chwal? Si kè ou pa poze lè tout bagay ap mache byen, si se lè peyi a pa an danje, ou gen kè poze, kisa w'a fè lè larivyè Jouden ap desann? Ata frè ou yo, pwòp fanmi ou yo, ap trayi ou. Yo mete tèt yo ansanm ak lòt moun sou do ou. Pa fè yo konfyans, menm lè ou wè yo ap pale byen avè ou. Seyè a di ankò: -Mwen lage pèp Izrayèl la, mwen voye pèp mwen te chwazi a jete, mwen lage pèp mwen te renmen anpil la nan men lènmi yo. Pèp ki te rele m' pa m' lan vire do ban mwen. Tankou yon lyon nan gwo rakbwa, y'ap gwonde sou mwen. Se poutèt sa mwen pa vle wè yo ankò! Pèp ki te rele m' pa m' lan tankou yon zwazo tout koulè, malfini sènen l' toupatou. Ale non! Sanble tout bèt nan bwa. Fè yo vini pran pa yo nan manje a! Yon bann chèf lòt nasyon ap sakaje jaden rezen mwen an. Yo kraze jaden m' lan anba pye yo. Yo fè bèl peyi mwen an tounen yon dezè kote moun pa rete. Yo fè l' tounen yon savann. Men, li la devan je m'. Li fini, san anyen ladan l'. Tout peyi a tounen yon dezè, san pesonn pa di anyen. Moun soti lòt bò mòn ki nan dezè a vin piye. Paske Seyè a voye lagè pou detwi tout peyi a nèt. Pesonn pa ka viv ak kè poze. Yo plante ble, yo rekòlte pikan. Yo travay di, sa pa rapòte yo anyen. Yo wont, rekòt la pa bay anyen paske Seyè a move anpil. Seyè a di ankò: -Men sa Seyè a di sou move vwazen pèp li a ki leve men yo sou peyi li te bay pèp Izrayèl la pou rele l' pa l' la: Mwen pral rache yo soti nan peyi yo a, tankou pyebwa y'ap derasinen. M'a wete moun peyi Jida yo nan mitan yo. Men, lè m'a fin rache yo, m'a gen pitye pou yo. M'a fè yo tounen lakay yo, nan peyi yo. Si lè sa a yo aprann viv byen tankou pèp mwen, si yo pran non m' pou fè sèman sa a: Nan non Seyè ki vivan an!, menm jan yo te moutre pèp mwen an pou li fè sèman nan non Baal, enben, lè sa a yo menm tou, y'a fè pati pèp mwen an, epi zafè yo va mache byen. Men, si yon nasyon pa koute m', m'ap rache l', m'ap derasinen l', m'ap detwi li nèt. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremi 12
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.