Lè Jeremi fin di pèp la tou sa Seyè a, Bondye yo a, te voye l' di yo, ki vle di tout pawòl ki ekri pi wo a, Azarya, pitit Ochaya a, Jokanan, pitit Kareyak la, ansanm ak tout lòt mesye awogan yo di Jeremi konsa: -Manti! Seyè a, Bondye nou an, pa kras voye ou di nou pa desann al rete nan peyi Lejip. Se Bawouk, pitit Nerija a, k'ap moute tèt ou sou nou. Li ta renmen lage nou nan men moun Babilòn yo pou yo touye nou, pou yo depòte nou lavil Babilòn. Se konsa, Jokanan, pitit Kareyak la, lòt chèf lame yo ansanm ak tout rès pèp la derefize koute pawòl Seyè a ki te di yo pou yo rete nan peyi Jida a. Lè sa a, Jokanan ak tout lòt chèf lame yo pran dènye moun ki te rete nan peyi Jida a, yo pati. Yo mennen tout moun ki te kite lòt peyi kote yo te gaye yo pou tounen vin viv nan peyi Jida a, fanm kou gason, tout timoun yo, tout pitit fi wa a. Yo mennen tout moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite avèk Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan. Yo pran pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, pitit Nerija a, avèk yo tou. Yo pa koute lòd Seyè a, yo rive jouk lavil Tapanès. Antan yo te lavil Tapanès, Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa: -Pran kèk gwo wòch, antere yo nan mòtye pave ki devan pòt pou antre kay farawon an, lavil Tapanès. W'a fè l' pou moun peyi Jida yo wè ou ap fè l'. Lèfini, w'a di yo: men mesaj Seyè ki gen pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen pral voye chache sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, mwen pral enstale fotèy li a nan anplasman kote wòch yo antere isit la. Se la l'a moute tant li a anwo yo. Lè l'a rive, l'ap kraze peyi Lejip. Moun ki pou mouri anba move maladi va mouri, moun yo gen pou depòte yo, y'a depòte yo, moun pou l' fè touye yo, l'a fè touye yo. L'a mete dife nan kay tout bondye moun peyi Lejip yo. L'ap boule bondye moun Lejip yo osinon l'a pran yo, l'a pote yo ale avè l'. Menm jan yon gadò mouton netwaye dènye vèmen ki nan rad li, konsa tou wa a pral piye peyi Lejip la kite l' blanch. Lèfini, l'ap vire do l' san pesonn pa di l' anyen. L'ap kraze tout gwo moniman wòch lavil Eliopolis nan peyi Lejip, l'ap boule tout kay zidòl peyi Lejip yo.
Jeremi 43
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.