Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas la, te fèk moute wa nan peyi Jida. Seyè a pale ak Jeremi ankò. Men sa Seyè a di l': -Ale kanpe nan lakou tanp lan. Ou pral di tou sa mwen te ba ou lòd di sou moun ki soti nan tout lavil peyi Jida yo pou vin adore nan Kay Seyè a. Pa wete anyen. Ou pa janm konnen, yo ka koute ou, yo ka pran desizyon yonn apre lòt pou yo kite move jan y'ap viv la. Mwen fè lide voye malè sou yo pou tou sa yo te fè ki mal. Men, si yo koute ou, m'a chanje lide. Konsa, w'a di yo: Men mesaj Seyè a bay: Koute m', swiv lòd mwen mete devan nou. Louvri zòrèy nou tande mesaj pwofèt yo, sèvitè m' yo. Se mwen menm ki pa janm sispann voye yo ban nou, men nou pa vle koute yo. Si nou pa koute yo, m'ap kraze tanp sa a menm jan mwen te detwi kote yo te mete apa pou mwen lavil Silo a. Nan tout lòt nasyon ki sou latè, y'a pran non lavil sa a pou bay madichon. Prèt yo, pwofèt yo ansanm ak tout moun ki te la yo tande Jeremi ap bay mesaj sa a nan lakou Tanp lan. Fini Jeremi fin bay mesaj Seyè a te ba li lòd bay pèp la, prèt yo, pwofèt yo ansanm ak tout moun ki te la yo mete men sou li. Yo pran rele: -Se pou yo touye ou pou sa ou sot di la a! Poukisa ou pran non Seyè a pou ou di li pral kraze tanp sa a menm jan li te detwi kote yo te mete apa pou li lavil Silo a, li pral fè lavil la tounen mazi, san pesonn ladan l'? Tout pèp la sanble bò kot Jeremi nan Tanp Seyè a. Lè chèf Jida yo vin konnen sa ki t'ap pase, yo kite palè wa a, yo kouri al nan tanp lan, y' al chita nan plas yo bò Pòtay Nèf la. Prèt yo ak pwofèt yo pale ak chèf yo ansanm ak pèp la, yo di: -Nonm sa a merite pou yo touye l' paske li pale lavil Jerizalèm lan mal. Nou tout la a, nou tande l' ak pwòp zòrèy nou. Lè sa a, Jeremi pale ak tout gwo chèf yo ansanm ak pèp la. Li di: -Se Seyè a ki voye m' pou m' fè nou konnen tou sa nou sot tande m' di la a sou Tanp lan ak sou lavil la. Koulye a, se pou nou chanje jan n'ap viv la, sispann fè sa ki mal. Koute sa Seyè a, Bondye nou an, ap di nou. Lè sa a, l'a chanje lide, li p'ap voye malè li te di l'ap voye sou nou an. Mwen menm, mwen nan men nou. Fè sa nou vle avè m', sa nou kwè nou dwe fè a. Tansèlman, si nou touye m', konnen se lanmò yon inonsan n'ap gen ni sou konsyans nou, ni sou konsyans moun ki rete nan lavil la. Paske, sa m'ap di nou la a, se vre wi, se Seyè a menm ki voye m' pou m' fè nou tande tout pawòl sa yo. Lè sa a, gwo chèf yo ak tout pèp la pale ak prèt yo ansanm ak pwofèt yo. Yo di yo: -Pa gen anyen la a pou n' touye nonm sa a. Paske se nan non Seyè a, Bondye nou an, li pale ak nou. Apre sa, kèk chèf fanmi kanpe epi yo di moun ki te sanble yo: -Sou rèy Ezekyas, wa peyi Jida a, pwofèt Miche, moun lavil Morechèt la, te bay tout pèp peyi Jida a mesaj sa a: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: N'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen yon mazi. Gwo rakbwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a. Lè sa a, èske wa Ezekyas ak pèp peyi Jida a te fè touye pwofèt Miche? Non, yo fè wè jan yo te gen krentif Seyè a, yo mande l' pou l' gen pitye pou yo. Se konsa Seyè a chanje lide, li pa voye malè li te di l'ap voye sou yo a. Koulye a, nou soti pou nou rale yon gwo malè sou nou si nou fè nonm sa a anyen. Te gen yon lòt nonm yo te rele Ouri ki t'ap pale nan non Bondye. Se te pitit Chemaya, moun lavil Kiriyat Jearim. Li menm tou, tankou Jeremi, li t'ap pale nan non Bondye sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida. Lè wa Jojakim, gad li yo ansanm ak tout chèf li yo tande sa li t'ap di, wa a t'ap chache yon jan pou touye li. Ouri vin konn sa, li pè, li kouri al kache nan peyi Lejip. Se konsa, wa Jojakim voye Elnatan, pitit Akbò, ansanm ak kèk lòt gason nan peyi Lejip al chache msye. Yo pran Ouri nan peyi Lejip, yo mennen l' bay wa a. Wa a fè yo touye l'. Lèfini, yo jete kadav li nan gwo fòs endijan yo. Men, Akikam, pitit Chafan an, t'ap pwoteje Jeremi. Se konsa li pa t' kite yo lage Jeremi nan men pèp la pou yo te touye l'.
Jeremi 26
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.