Yon lòt jou, Seyè a pale ak Jeremi ankò. Lè sa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, t'ap atake lavil Jerizalèm ansanm ak tout ti bouk ki nan vwazinaj li yo. Li te gen avè l' tout lame pa l' la ansanm ak sòlda tout lòt nasyon ak lòt ras li te soumèt anba pouvwa li. Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di Jeremi: -Ale pale ak Sedesyas, wa peyi Jida a, w'a di li konsa: Seyè a pral lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan ki pral mete dife ladan l'. Ou menm, ou p'ap chape. Y'ap arete ou, y'ap lage ou nan men l' tou. W'a kontre avè l' bab pou bab. W'a pale avè l'. Lèfini, w'ap pati pou Babilòn. Tansèlman, Sedesyas, wa Jida, koute mesaj Seyè a bay pou ou. Ou p'ap mouri nan lagè. W'ap mouri mouri ou nan kabann ou. Lè sa a, y'a boule lansan pou ou menm jan yo te konn boule lansan pou zansèt ou yo ki te wa anvan ou. Y'a rele pou ou, y'a di: Ki lapenn sa a? Wa a mouri! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Se mwen ki bay mesaj sa a. Pwofèt Jeremi bay Sedesyas, wa peyi Jida a, mesaj sa a lavil Jerizalèm. Lè sa a, lame wa Babilòn lan t'ap atake lavil Jerizalèm ansanm ak de lòt lavil nan peyi Jida, Lakis ak Azeka, ki t'ap kenbe tèt toujou ak lènmi yo, paske yo menm yo te byen pwoteje. Men nan ki sikonstans Seyè a te pale ak Jeremi ankò. Wa Sedesyas te siyen yon kontra ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm pou yo te bay tout moun menm ras ak yo, fanm kou gason, ki te esklav lakay yo libète yo. Konsa, pesonn nan moun Jida yo pa t'ap gen yon frè parèy yo k'ap sèvi yo esklav. Se konsa, tout chèf yo ansanm ak tout pèp la te tonbe dakò pou yo te bay tout esklav, fanm kou gason, yo te gen lakay yo libète yo, lèfini pou yo pa janm pran yo sèvi esklav ankò. Epi yo bay tout esklav yo libète yo vre. Men apre sa, yo chanje lide, yo pran moun yo te bay libète yo, fanm kou gason, yo fòse yo tounen sèvi yo esklav ankò. Lè sa a, Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen te pase yon kontra avèk zansèt nou yo lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip kote yo te esklav la. Mwen te di yo: Lè yon ebre parèy nou vann tèt li ban nou pou l' sèvi nou esklav, apre sizan li pase ap sèvi nou, sou setyèm lanne a se pou nou ba li libète l'. Se pou nou kite l' ale. Men, zansèt nou yo pa t' koute m', yo pa t' okipe sa m' te di yo. Men nou menm nan jou ki sot pase yo, nou pa t' fè menm jan ak yo, nou te fè sa ki dwat devan mwen. Tout moun te dakò pou yo te bay ebre parèy yo libète yo. Lèfini, nou te pran angajman sa a piblik devan mwen nan kay yo mete apa pou mwen an. Apre sa, nou chanje lide, nou pa respekte m'. Nou tout nou fè esklav nou te bay libète yo tounen lakay nou, fanm kou gason, nou fòse yo vin sèvi nou esklav ankò. Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen di nou pa koute m', nou pa bay moun pèp Izrayèl parèy nou yo libète yo. Enben, mwen menm Seyè a, m'ap ban nou libète pou nou mouri nan lagè, nan grangou, osinon anba move maladi. M'ap mete tout lòt nasyon sou latè yo vant ba lè y'a wè sa ki rive nou. Nou menm chèf peyi Jida yo ak grannèg lavil Jerizalèm yo ak lòt gwo zotobre yo, prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo, nou te pran yon angajman avè m' lè nou te pase nan mitan de mwatye towo bèf nou te ofri ban mwen an. Men nou pa kenbe angajman nou te pran an, nou pa fè sa nou te pwomèt mwen n'ap fè a. Se poutèt sa, sa nou te fè towo bèf nou te ofri ban mwen an, se sa mwen pral fè rive nou. M'ap lage nou nan men lènmi nou yo, nan men moun ki soti pou touye nou yo. Kadav nou va sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa. M'ap pran Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout chèf li yo, m'ap lage yo nan men lènmi yo, nan men moun ki soti pou touye yo. M'ap lage yo nan men lame wa Babilòn lan ki fin leve kan yo pou yo ale. M'ap pase yo lòd, y'ap tounen vin atake lavil la. Y'ap pran l', y'ap mete dife ladan l'. M'ap fè lavil peyi Jida yo tounen yon dezè san pyès moun ladan yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremi 34
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.