Seyè a fè m' wè de panyen plen fig frans kòtakòt devan gwo kay Seyè a. Lè sa a, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te gen tan depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf peyi Jida yo, bòs atizan yo ak tout moun ki gen metye yo. Li te mennen yo tout ale lavil Babilòn. Premye panyen an te plen bèl fig frans tankou premye fig ki mi nan sezon an. Lòt panyen an te plen vye fig frans moun pa ka manje tank yo pa bon. Lèfini, Seyè a di m' konsa: -Jeremi, kisa ou wè la a? Mwen reponn, mwen di l': -Fig frans. Bon fig yo bon anpil. Vye fig yo pa bon menm. Moun pa ka manje yo tank yo pa bon. Lè sa a, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: -Se mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la k'ap pale. Mwen konsidere moun peyi Jida yo depòte yo, moun mwen voye nan peyi Babilòn yo, tankou yon panyen bèl fig frans. Mwen pral aji byen ak yo. M'ap toujou voye je sou yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi sa a. M'ap fè yo grandi, mwen p'ap kraze yo. M'ap plante yo, mwen p'ap derasinen yo ankò. M'ap ba yo konprann pou yo sa konnen se mwen menm ki Seyè a. Lè sa a, y'a yon pèp pou mwen, mwen menm m'a Bondye yo, paske y'ap tounen vin jwenn mwen ak tout kè yo. Menm sa yo fè ak vye fig ki pa bon yo, fig moun pa ka manje tèlman yo pa bon yo, se sa mwen pral fè ak Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf li yo, ak tout rès pèp lavil Jerizalèm yo ki te rete nan peyi a osinon ki te desann peyi Lejip. Mwen pral mennen yon sèl malè sou yo. Tout lòt nasyon ki sou latè a pral tranble lè y'a wè sa. Moun pral pase yo nan betiz, yo pral rakonte istwa sou yo. Yo pral mete yo nan chante. Y'ap pran non yo pou sèvi jouman, pou bay madichon nan tout peyi kote mwen pral gaye yo. Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo jouk p'ap gen yonn k'ap rete nan peyi mwen te ba yo a, peyi mwen te bay zansèt yo a.
Jeremi 24
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.