Mwen fè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m' gade. Mwen wè kat cha lagè ki t'ap soti nan fant de mòn fèt an kwiv. Premye cha a te gen chwal wouj ki t'ap rale l'. Dezyèm cha a te gen chwal nwa ki t'ap rale l'. Twazyèm cha a te gen chwal blan ki t'ap rale l'. Katriyèm cha a te gen chwal takte wouj ki t'ap rale l'. Mwen pran lapawòl, mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Sa sa yo ye, mèt? Zanj lan reponn mwen: -Se kat van ki fèk soti devan Mèt tout latè a. Cha chwal nwa yo t'ap rale a pran direksyon peyi ki sou bò nò a. Cha chwal blan yo t'ap rale a pran menm direksyon an. Cha chwal takte wouj yo t'ap rale a pran direksyon peyi ki sou bò sid la. Lè chwal takte wouj yo parèt, yo t'ap pyafe, yo pa t' ka tann ankò pou y' al toupatou sou latè. Zanj lan di yo: -Ale toupatou sou latè! Yo kouri ale toupatou sou latè. Lèfini, zanj lan rele m', li di m' konsa: -Chwal ou wè ki pran direksyon peyi ki sou bò nò a fè kòlè Seyè a tonbe. Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa: -W'a pran ofrann moun ki soti nan peyi kote yo te depòte yo a: Eldayi, Tobija ak Jedaya. W'a ale lakay Jozyas, pitit gason Sofoni an, ki fèk rive soti lavil Babilòn. W'a pran ajan ak lò yo te ba ou yo, w'a fè yon kouwòn, w'a mete l' sou tèt Jozye, pitit gason Jozadak la, granprèt la. Lèfini, w'a pale avè l', w'a di l': Men sa Seyè a di: Men moun yo rele Boujon an. Li pral pouse kote li ye a. Li pral rebati kay ki apa pou Seyè a. Se li menm ki pral rebati kay ki apa pou Seyè a. Yo pral konsidere l' tankou yon wa. Li pral chita sou fòtèy la pou l' gouvènen pèp mwen an. Va gen yon prèt bò kote l'. Y'a travay ansanm ak kè poze. Kouwòn lan menm va rete nan kay ki apa pou Seyè a. L'a sèvi pou fè moun toujou chonje Eldayi, Tobija, Jedaja ak Jozyas, pitit gason Sofoni an. Moun ki rete byen lwen va vini, y'a ede nou rebati tanp Seyè a. Lè sa a, n'a konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m' kote nou. Se sa menm ki va rive si nou fè tou sa Seyè a, Bondye nou an, ban nou lòd fè.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.