Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen leve je m' gade. Mwen wè yon nonm avèk yon chenn pou mezire nan men l'. Mwen mande l': -Kote ou prale? Li reponn mwen: -Mwen pral pran mezi lavil Jerizalèm, pou m' wè ki longè ak ki lajè li genyen. Zanj ki t'ap pale avèk mwen an te rete kanpe. Yon lòt zanj pwoche devan l' vin jwenn li. Premye zanj lan di dezyèm lan: -Kouri al di jenn gason ou wè ak chenn nan men l' lan: sitèlman pral gen moun ak bèt nan lavil Jerizalèm, yo p'ap bezwen bati miray pou fèmen l'. Seyè a pale, li fè konnen se li menm k'ap tankou yon gwo miray dife k'ap fè wonn lavil la pou pwoteje l'. Li di: M'ap rete nan mitan lavil la ak tout pouvwa mwen. Men sa Seyè a di: -Ey! Nou menm mwen te gaye nan kat kwen latè yo, kouri, kouri kite peyi ki nan nò a. Ey! Nou menm moun Siyon ki rete lavil Babilòn yo, sove kò nou! Men sa Seyè ki gen tout pouvwa di: Se li menm ki voye m'. Men sa li di sou nasyon ki te piye pèp li a. Si yon moun manyen pèp la, se tankou si li te foure dwèt nan je m'. Mwen menm mwen pral regle ak nou. Moun nou te fè tounen esklav yo, se yo menm ankò ki pral piye nou. Lè sa a, tout moun va konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m'. Seyè a di ankò: -Nou menm moun lavil Jerizalèm, chante! Fè kè nou kontan! Men m'ap vini pou m' rete nan mitan nou! Se mwen menm, Seyè a, ki di sa! Lè sa a, anpil nasyon va vin jwenn Seyè a pou yo sèvi l'. Se pèp pa li menm y'ap ye. L'a vin rete nan mitan yo. Lè sa a, n'a konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m' kote nou. Seyè a va pran peyi Jida a pou li tankou pòsyon pa l' nan tè yo mete apa pou li a. L'a chwazi lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun pe bouch yo devan Seyè a, paske l'ap soti kote ki apa pou li a, l'ap vin delivre nou!
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.