Zanj ki t'ap pale ak mwen an vini ankò. Li souke m' tankou yo souke yon moun k'ap dòmi pou fè l' leve. Li di m' konsa: -Sa ou wè la a? Mwen reponn li: -Mwen wè yon lanp sèt branch an lò ki kanpe atè. Li gen yon gwo bòl nan tèt li, avèk sèt lanp sou rebò bòl la. Chak lanp gen sèt bòbèch pou sèt mèch. Bò lanp sèt branch lan te gen de pye oliv, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. Apre sa, mwen pran lapawòl, mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Mèt, kisa bagay sa yo ye? Li reponn mwen: -Ou pa konn sa sa yo ye? Mwen reponn li: -Non, mèt! M' pa konnen non! Lè sa a, zanj ki t'ap pale avè m' lan reponn mwen, li di m': -Men mesaj Seyè a voye pou Zowobabèl: Se pa avèk vanyan sòlda ou yo, ni avèk pwòp kouraj ou ou pral rive nan sa ou gen pou fè a. Men se va avèk pouvwa lespri pa m' m'ap ba ou a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. Pi gwo antrav yo pral disparèt devan ou, Zowobabèl! Pi gwo mòn lan ap tounen yon plenn. Ou gen pou ou pran yon bèl wòch ladan l' pou fè lento pòtay tanp lan. Lè sa a tout moun va rele: Ala bèl sa bèl! Mèsi pou li! Seyè a pale avè m' ankò, li di m': -Zowobabèl mete men nan fondasyon kay la. Li gen pou l' fini l'. Lè sa a, pèp mwen an va konnen se mwen menm, Seyè a, ki te voye ou bò kote yo. Yo te pran ti konmansman sa yo pou anyen. Men, ala kontan y'a kontan lè y'a wè Zowobabèl ap kontwole travay la, filaplon li nan men l'! Zanj lan di m' ankò: -Lanp sèt branch ou wè la a se sèt je Seyè a ki wè tou sa k'ap pase sou latè. Mwen mande l': -De pye oliv ki chak bò lanp sèt branch lan, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch, kisa yo ye? De branch oliv sou kote de ti tiyo an lò kote lwil ap koule a, kisa yo vle di? Li reponn mwen. -Ou pa konnen sa yo vle di? Mwen di l': -Non, mèt. M' pa konnen non! Li di m' konsa: -Se de moun Bondye chwazi pou fè travay Seyè a, Mèt latè a.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.