Lè sezon prentan rive, mande Seyè a pou l' ban nou lapli. Se Seyè a ki fè loraj gwonde, ki fè gwo lapli tonbe. Li fè jaden tout moun pouse. Moun k'ap bat kat yo, se twonpe y'ap twonpe moun. Divinò yo menm, se manti y'ap bay. Rèv yo fè pa vle di anyen. Moun yo mete espwa yo nan bagay ki p'ap janm rive. Moun yo pèdi tèt yo tankou mouton ki pèdi bann. Yo nan traka, paske pa gen chèf pou mennen yo. Seyè a di ankò: -Mwen ankòlè sou moun lòt nasyon k'ap gouvènen pèp mwen an. Mwen pral pini yo. Wi, mwen pral pran swen bann mouton m' yo, moun fanmi Jida yo. Mwen pral ba yo fòs kouraj pou yo sèvi m' tankou chwal frengan pou fè lagè. M'ap fè anpil ladan yo tounen chèf, kòmandan lame ak sòlda ki gen ladrès pou goumen. Se nan pèp la menm m'ap fè chèf ki pou gouvènen yo soti. Moun pèp Jida yo pral genyen batay la, y'ap tankou sòlda k'ap foule lènmi anba pye yo nan labou nan granchemen. Yo pral goumen, paske Seyè a la avèk yo. Tout lènmi ki sou chwal yo pral wont. Mwen pral bay moun fanmi Jida yo fòs. Mwen pral delivre moun fanmi Jozèf yo. M'ap fè yo tounen lakay yo paske kè m' fè m' mal pou yo. Se va tankou si m' pa t' janm lage yo. Se Seyè a, Bondye yo a, mwen ye. M'ap tande lapriyè yo fè nan pye m'. Moun Efrayim yo pral tankou vanyan sòlda. Y'ap kontan tankou moun ki anba gwòg. Pitit pitit yo va chonje sa, y'a fè fèt. Y'a kontan pou sa Seyè a te fè pou yo. Mwen pral rele yo pou m' fè yo sanble paske mwen delivre yo. Yo pral vin peple anpil ankò, jan yo te ye anvan an. M'ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo. Men, y'a toujou chonje m', menm lè yo nan peyi byen lwen. Y'a viv la ansanm ak pitit yo. Yon jou, y'a tounen nan peyi yo a. M'ap fè yo soti kite peyi Lejip tounen lakay yo. M'ap ranmase yo nan peyi Lasiri. Y'ap tounen vin rete nan peyi Galarad ak nan peyi Liban. Peyi a pral twò piti pou yo. Lè pou yo janbe lanmè peyi Lejip la, mwen menm, Seyè a, m'a frape dlo lanmè a. Epi tout kote larivyè Nil ap koule yo pral chèch. Mwen pral kraze lògèy peyi Lasiri a. Peyi Lejip pral pèdi pouvwa li. Mwen pral bay pèp mwen fòs kouraj ankò. Y'a sèvi m', y'a fè lwanj mwen. Se Seyè a menm ki di sa!
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.