Apre sa, Seyè a fè m' wè Jozye, granprèt la, ki te kanpe devan zanj Seyè a. Satan menm te kanpe sou bò dwat Jozye pou l' te ka akize l'. Zanj Seyè a di Satan konsa: -Se pou Seyè a regle ou, Satan. Wi, se pou Seyè a ki renmen lavil Jerizalèm lan regle ou! Nonm sa a tankou yon bout bwa tou limen yo kouri wete nan dife pou l' pa fin boule nèt. Jozye te kanpe la devan zanj Seyè a, ak rad li tou sal. Zanj lan pran lapawòl ankò, li pale ak lòt zanj ki te la tou devan li. Li di yo: -Wete rad sal ki sou li a. Epi li di Jozye konsa: -Ou wè. Mwen wete tout peche ou yo. M'ap ba ou bèl rad pwòp pou ou mete sou ou. Lèfini, li pase yon lòd, li di lòt zanj yo: -Mare tèt li ak yon mouchwa pwòp. Yo mare tèt Jozye ak yon bèl mouchwa pwòp, epi yo mete rad pwòp sou li. Zanj lan menm te kanpe la ap gade. Apre sa, zanj Seyè a pale ak Jozye, li di l' konsa: -Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ou: Si ou fè sa mwen di ou fè, si ou swiv lòd mwen ba ou yo, se ou menm ki pral gouvènen kay mwen an. W'a reskonsab lakou m' lan. M'a koute lapriyè ou menm jan mwen koute lapriyè zanj ki devan m' yo. Koute byen, ou menm Jozye, granprèt la, ansanm ak prèt parèy ou yo ki la devan ou. Nou pral sèvi remak pou bagay ki gen pou rive a. M'ap fè sèvitè m' lan, sa yo rele Boujon an, vini. Men m'ap mete yon wòch devan Jozye. Wòch sa a gen sèt fas. Se mwen menm ki pral make pawòl ki pou make sou wòch la. Se mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. M'ap pran yon sèl jou pou m' wete tout peche ki nan peyi a. Jou sa a, yonn pral envite lòt vin lakay nou anba pye rezen ak pye fig frans nou yo. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.