Men mesaj Seyè a bay pou fè konnen volonte l' sou moun pèp Izrayèl yo. Men desizyon li pran, li menm Seyè a, ki louvri syèl la nan plas li, ki kreye latè a epi ki bay moun lavi. Mwen pral fè lavil Jerizalèm fè moun lòt nasyon ki bò kote l' yo pèdi tèt yo, tankou moun ki sou. Lè y'a sènen lavil Jerizalèm, yo pral sènen lavil ki nan rès peyi Jida yo tou. Lè sa a, m'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon gwo wòch lou kou pwa senkant. Tout nasyon ki va chache leve l' va foule anba l'. Tout moun sou latè pral mete ansanm pou yo atake l'. Jou sa a atò, m'ap fè tout chwal yo lonbraje, m'ap fè kavalye yo depale. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'ap veye pèp Jida a pou anyen pa rive yo. Men, m'ap fè tout chwal lènmi l' yo vin avèg. Lè sa a, moun fanmi Jida yo va di nan kè yo se Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye yo a, ki tout fòs moun ki rete lavil Jerizalèm yo. Lè sa a, m'ap fè moun fanmi Jida yo tounen tankou yon boukan dife nan mitan yon rakbwa, osinon y'ap tankou bwa chandèl limen nan mitan pay chèch. L'ap devore tout peyi ki toupre l' yo, sou bò gòch ak sou bò dwat. Men, moun lavil Jerizalèm yo ap rete nan plas yo. Premye moun Seyè a ap delivre, se va moun Jida yo. Konsa, lwanj y'a fè pou pitit pitit David yo ak pou pèp Jerizalèm lan p'ap pi gwo pase lwanj y'ap fè pou rès moun Jida yo. Lè sa a, Seyè a va louvri zèl li pou l' pwoteje tout moun ki rete lavil Jerizalèm yo. Wi, lè sa a, menm pi fèb la ap gen fòs tankou David. Pitit pitit David yo va alatèt pou dirije yo tankou Bondye, tankou zanj Seyè a. Lè sa a, m'a detwi tout nasyon ki va konprann pou yo atake lavil Jerizalèm. M'a fè pitit pitit David yo ak moun lavil Jerizalèm yo gen bon kè. M'a fè yo konn lapriyè nan pye m'. Y'a leve je yo gade m', y'a wè moun yo te pèse a. Y'a nan gwo lapenn pou li tankou moun ki pèdi sèl pitit li te genyen an. Y'a pete rele tankou moun ki pèdi premye pitit gason yo. Lè sa a, rèl ap pete lavil Jerizalèm tankou lè rèl te pete pou Adad-Rimòn nan plenn Megidon an. Nan peyi a, chak fanmi va mete tèt yo ansanm pou yo rele pou kont yo, gason nan fanmi David yo yon bò, medam yo yon lòt bò, gason nan fanmi Natan yo yon bò, medam yo yon lòt bò, gason nan fanmi Levi yo yon bò, medam yo yon lòt bò, gason nan fanmi Chimèy yo yon bò, medam yo yon lòt bò. Tout rès fanmi yo va kenbe rèl la tou, gason yo yon bò, medam yo yon lòt bò, chak fanmi bò pa yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.