Lè sa a, yon sous dlo va pete pou lave moun fanmi David yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou wete peche yo, pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye ankò. Se Seyè a menm ki di sa. Seyè a pale, li di ankò: -Lè sa a, m'a disparèt ata non zidòl yo nan peyi a. Pesonn p'ap chonje yo ankò. M'a wete pwofèt yo nan peyi a, m'a wete nan kè tout moun lide pou yo sèvi zidòl. Konsa, si yon moun vle pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye, papa l' ak manman l' ki fè l' va di se pou l' mouri, paske li pran pòz se mesaj ki soti nan Bondye, Seyè a, l'ap bay, epi se pa vre, se manti l'ap bay. Pandan l'ap bay mesaj la, papa l' ak manman l' ki fè l' la va pèse l'. Lè sa a, pwofèt yo pral wont lè y'a fè yon vizyon. Yo p'ap mete rad fèt ak twal yo te konn gen sou yo. Yo p'ap ka bay manti ankò. Men, tout moun va di: Se pa pwofèt mwen ye. Mwen se yon senp abitan. Depi m' piti se latè m'ap travay. Si yon moun mande l': Pouki tout mak blese sa yo sou ponyèt ou? L'a reponn: Se kay yon zanmi sa rive m'. Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di ankò: -Nepe, leve non! Al atake gadò mouton m' yo, moun k'ap travay avè m' lan. Touye l' pou bann mouton an ka gaye. M'ap pini ata moun ki pi piti yo. Nan tout peyi a, sou chak twa moun, de pral mouri, yonn va rete. Mwen pral pase rès moun sa yo nan dife. Mwen pral netwaye yo menm jan yo netwaye ajan nan dife. Mwen pral wè ki kalite moun yo ye menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon. Y'a lapriyè nan pye m', m'a reponn yo. M'a di yo se pèp pa m' yo ye. Y'a di se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.