Apre sa, mwen tande Bondye pale byen fò nan zòrèy mwen. Li di konsa: -Pwoche non, nou tout ki pral pini lavil la. Pwoche ak zam nou nan men nou! Lamenm, sis gason parèt nan pòtay ki bay sou nò nan lakou tanp lan. Yo chak te gen yon zam nan men yo. Nan mitan yo te gen yon nonm ak yon rad twal fin tou blan sou li. Li te gen yon poban lank mare nan ren l'. Yo antre, yo kanpe bò lotèl an kwiv la. Lè sa a, gwo bèl limyè ki make prezans Bondye pèp Izrayèl la soti anwo tèt bèt vivan yo kote l' te ye a, li deplase, li al rete nan papòt pou antre nan tanp lan. Seyè a rele nonm ak rad twal fin blan an ki te gen poban lank mare nan ren l' lan. Li di l' konsa: -Ale nan tout lavil Jerizalèm. Mete yon mak sou fwon tout moun w'a wè k'ap plenn, ki nan gwo lapenn pou tout vye bagay derespektan k'ap fèt nan lavil la. Mwen tande li di lòt mesye yo: -Mache dèyè l' nan tout lavil la. Epi touye! Pa gen pitye pou pesonn. Pa kite pesonn chape! Touye ni granmoun, ni jenn gason, ni jenn fi, ni fanm, ni timoun. Men, pa manyen moun ki gen mak sou fwon yo. Konmanse depi nan tanp mwen an. Yo konmanse ak chèf fanmi ki te kanpe nan Tanp lan. Bondye di yo: -Derespekte Tanp lan! Plen lakou a kadav. Ale non! Se konsa yo konmanse touye moun nan lavil la. Pandan yo t'ap touye moun yo, mwen te rete pou kont mwen. Mwen tonbe ajenou, mwen bese tèt mwen atè, mwen rele byen fò: -Wouy! Seyè Bondye sèl Mèt la, èske ou pral touye tout rès pèp Izrayèl la, paske nan kòlè ou ou soti pou pini lavil Jerizalèm? Li reponn mwen: -Moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo fè anpil wi! Se san k'ap koule toupatou nan peyi a. Lavil Jerizalèm plen moun k'ap fè lenjistis. Y'ap plede di mwen menm, Seyè a, mwen vire do bay peyi a, mwen pa wè yo. Enben, mwen p'ap gen pitye pou yo, mwen p'ap fè pa yo. M'ap fè yo peye pou sa yo fè. Apre sa, nonm ki te gen rad twal fin tou blan sou li a ak poban lank mare nan ren l' lan tounen. Li fè rapò l' bay Seyè a, li di l' konsa: -Mwen fè tou sa ou te ban m' lòd fè a.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.