Nan senkyèm jou sizyèm mwa nan sizyèm lanne depi yo te depòte pèp la, mwen te chita lakay mwen ansanm ak chèf pèp Jida yo ki te reyini lakay mwen. Mwen rete konsa mwen santi pouvwa Seyè a, Bondye Sèl Mèt la, desann sou mwen. Mwen leve je m' gade, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Depi nan ren l' desann, kò l' te tankou yon flanm dife. Depi nan ren l' moute, li te klere tankou kwiv byen poli. Mwen wè l' lonje men l' tankou men yon moun, li pran m' nan cheve. Nan vizyon an, li leve m' byen wo nan syèl la, li mennen m' lavil Jerizalèm, devan pòtay anndan ki bay sou bò nò a, kote yo te mete yon estati zidòl ki te lakòz Bondye ankòlè. La, mwen wè yon gwo bèl limyè ki te fè m' konprann se Bondye pèp Izrayèl la ki te la, menm jan mwen te wè l' nan fon an. Bondye di m' konsa: -Nonm o! Vire je ou gade bò nan nò! Mwen vire je m' gade bò nan nò. Mwen wè toupre lotèl ki bò pòtay kote moun pase pou antre a, estati zidòl ki te lakòz Bondye ankòlè a. Bondye di m' ankò: -Nonm o! Eske ou wè sa y'ap fè? Gade tout bagay derespektan moun pèp Izrayèl yo ap plede fè pou yo fè m' kite tanp mwen an. Ou gen pou wè bagay ki pi mal pase sa toujou. Li pran m', li mennen m' nan pòtay ki bay sou lakou anndan an, li moutre m' yon twou nan miray la. Li di m' konsa: -Nonm o! Fè yon gwo twou nan miray la. Mwen fè gwo twou a. Lèfini, mwen jwenn yon pòt. Li di m' konsa: -Louvri pòt la antre! Gade tout kalite vye bagay derespektan moun sa yo ap fè la a! Mwen antre, mwen gade. Tout miray la nèt te kouvri ak pòtre koulèv, pòtre tout kalite bèt yo pa gen dwa manje ak pòtre lòt vye zidòl moun pèp Izrayèl yo ap sèvi. Swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl yo te kanpe la devan zidòl yo. Yonn ladan yo te Jazanya, pitit Chafan an. Yo chak te kenbe yon lansanswa nan men yo. Gwo lafimen lansan t'ap moute. Bondye di m' konsa: -Nonm o! Eske ou wè sa chèf fanmi pèp Izrayèl yo ap plede fè an kachèt? Yo rete ap fè sèvis nan yon chanm kay plen zidòl. Men eskiz yo bay: O wi! Bondye pa wè nou! Bondye vire do l' bay peyi a! Apre sa, Seyè a di m' ankò: -Ou gen pou wè yo ap fè bagay ki pi derespektan toujou. Lè sa a, li mennen m' bò pòtay nò tanp lan, li moutre m' yon bann fanm ki chita ap kenbe yon rèl lanmò pou zidòl yo rele Tamouz la. Li di m' konsa: -Nonm o! Ou wè sa, pa vre? Ou gen pou ou wè gwo bagay pi derespektan ankò y'ap fè. Li mennen m' nan lakou anndan tanp lan. Mwen wè vennsenk nèg konsa kanpe bò pòt pou antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a, nan mitan lotèl la ak galeri a. Yo te bay tanp lan do. Fas yo vire bò solèy leve. Yo bese tèt yo byen ba, y'ap fè sèvis pou solèy la k'ap leve. Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Eske ou wè sa? Moun peyi Jida sa yo ap fè tout vye bagay derespektan y'ap plede fè yo. Y'ap mache fè mechanste nan tout peyi a. Men sa pa kont yo toujou, se pou yo vini jouk isit la nan tanp lan pou fè yo, pou yo fè m' pi move toujou. Men y'ap fè move jès pou derespekte m', yo mete yon ti branch bwa anba nen yo. Mwen menm tou mwen pral fè yo santi jan mwen move sou yo. Yo mèt rele byen fò nan zòrèy mwen. Mwen p'ap tande yo. Mwen p'ap gen pitye pou yo. Yo mèt rele jan yo vle nan zòrèy mwen, mwen p'ap pran priyè.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.