Apre sa, Lespri Bondye a pran m', li leve m' anlè, li mennen m' bò gwo pòtay tanp lan ki bay sou solèy leve. Toupre pòtay la, mwen wè vennsenk gason. Pami yo te gen de chèf peyi a, Jazanya, pitit gason Azou a, ak Pelatya, pitit gason Benaja a. Bondye di m' konsa: -Nonm o! Mesye sa yo gen move lide ap travay dèyè tèt yo. Y'ap bay move konsèy nan lavil la. Y'ap plede di: Talè konsa nou p'ap ka bati kay ankò! Lavil la tankou yon chodyè sou dife, nou menm, nou tankou vyann ladan l'. Nou pa bezwen fè anyen kote nou ye a. Se poutèt sa, nonm o! Men mesaj m'ap ba ou pou ou di sou yo. Lespri Seyè a desann sou mwen ankò. Seyè a ban m' lòd pou m' bay pèp la mesaj sa a: -Nou menm fanmi Izrayèl la, mwen konnen sa n'ap di, mwen konnen lide nou gen dèyè tèt nou. Nou sitèlman touye moun isit nan lavil la, lari yo plen kadav. Konsa, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m'ap di nou: Wi, lavil la tankou yon chodyè. Men kisa ki vyann lan? Se kadav moun nou touye yo! Nou menm menm m'ap fè yo mete nou deyò nan lavil la. Nou pè lagè, pa vre? Enben, m'ap voye lagè sou nou! Se mwen menm menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. M'ap fè yo mete nou deyò nan lavil la. M'ap lage nou nan men moun lòt nasyon yo. M'ap pini nou jan m' te pwomèt nou sa a. N'ap mouri nan lagè nan mitan peyi nou an. Se la m'ap pini nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Lavil sa a p'ap pwoteje nou jan chodyè pwoteje vyann ki ladan l'. Se nan mitan peyi Izrayèl la menm m'ap pini nou. Wi, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Pase pou nou te swiv lòd mwen yo, pase pou n' te fè sa m' mande nou fè, nou te pito swiv vye mès pèp k'ap viv nan peyi ki bò kote nou yo. Antan m'ap bay mesaj la, Pelatya, pitit gason Benaja a, tonbe li mouri frèt. Mwen lage kò m' ajenou, mwen bese tèt mwen jouk atè, mwen rele byen fò, mwen di: -O Seyè, Bondye sèl Mèt la! Eske ou pral touye ti rès moun ki rete nan pèp Izrayèl la? Seyè a pale avè m' ankò, li di: -Nonm o! Moun ki rete lavil Jerizalèm yo ap pale sou ou, sou frè ou, sou fanmi ou, sou tout moun pèp Izrayèl yo te depòte yo. Y'ap di: Moun yo depòte yo twò lwen pou yo ka fè sèvis pou Seyè a, se konsa Seyè a ban nou peyi a pou rele nou pa nou. Se poutèt sa, men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, bay pou moun yo depòte yo. Wi, se mwen menm ki te voye yo al viv byen lwen nan mitan lòt nasyon yo, mwen gaye yo nan yon bann lòt peyi. Men, m'ap toujou la avèk yo nan peyi kote yo ale a tankou si m' te nan kay yo mete apa pou mwen an. Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye sèl Mèt la, m'ap di yo: M'ap pran yo nan mitan nasyon kote mwen te gaye yo a, m'ap sanble yo. M'ap fè yo soti kite peyi sa yo, m'ap ba yo peyi Izrayèl la ankò pou yo. Lè y'a tounen, y'a wete tout vye zidòl y'a jwenn ansanm ak tout vye bagay derespektan ki t'ap fèt nan peyi a. M'ap ba yo yon lòt kè, yon lòt lespri. M'ap wete kè di kou wòch yo te genyen nan lestonmak yo a, m'ap ba yo yon kè ki gen bon santiman. Konsa, y'a mache dapre lòd m'a ba yo. Y'a fè tou sa m'a mande yo fè. Y'a koute m' lè m'a pale yo. Se pèp pa m' lan menm yo pral ye, mwen menm mwen pral Bondye yo. Men, m'ap pini moun ki pa vle lage vye zidòl yo, ki toujou soti pou yo fè vye bagay derespektan yo. M'ap pini yo pou sa yo fè. Se mwen menm, Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki pale. Bèt vivan yo pran vole, wou yo pati ansanm ak yo. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anwo yo. Bèl limyè prezans Seyè a soti kite lavil la, li ale poze sou mòn ki te sou bò solèy leve a. Nan vizyon an toujou, mwen wè lespri Bondye a pran m', li mennen m' tounen lavil Babilòn nan mitan moun yo te depòte yo. Lèfini, vizyon an disparèt. Mwen rakonte moun yo te depòte yo tou sa Seyè a te fè m' wè.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.