Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: -Poukisa y'ap plede repete pwovèb sa a nan peyi Izrayèl la? Y'ap di: Papa ak manman manje rezen vèt, men se dan pitit yo ki gasi. Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa: Nou p'ap janm repete pwovèb sa a ankò nan peyi Izrayèl la. Lavi tout moun, papa, manman kou pitit, se pou mwen yo ye. Moun ki fè peche a, se li menm k'ap mouri. Ann pran ka yon moun k'ap mache dwat devan Bondye, ki fè sa li dwe fè, ki pa nan patipri. Li pa moute nan mòn pou l' al bay zidòl manje, ni li pa fè sèvis pou vye zidòl moun pèp Izrayèl yo ap sèvi. Li pa al dèyè madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li, li pa kouche ak fanm ki gen lalin li. Li pa pwofite sou pesonn, li pa bay pesonn koutba, li renmèt garanti moun te ba li pou lajan li prete yo. Li bay moun ki grangou yo manje, li bay moun ki toutouni yo rad pou mete sou yo. Li pa bay ponya, li pa pran enterè sou lajan li prete. Li refize mete men l' nan sa ki mal. Lè de moun gen kont, li mete verite a kote li ye. Yon moun konsa mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè. Li pa janm chache twonpe m'. Se yon moun ki dwat. Se sèten l'ap viv. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. Si nonm sa a ta rive fè yon pitit ki soti yon lwijanboje, ki renmen mete san moun deyò, epi k'ap mache fè tou sa papa l' pa janm fè: l'ap manje nan manje yo ofri bay zidòl sou tèt mòn yo, l'ap kouri dèyè madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li, l'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite, l'ap vòlò, li p'ap renmèt garanti moun te ba li pou lajan li te prete yo, l'ap fè sèvis pou zidòl, l'ap fè vye bagay derespektan, l'ap bay ponya, li pran enterè pou lajan li prete, yon nonm konsa pa fèt pou viv. Non, li pa gen dwa viv lè li fin fè tout vye bagay derespektan sa yo. Se sèten l'ap mouri. Se li menm k'ap pote chay tou sa li fè. Annou konsidere koulye a ka dezyèm moun sa a ki ta rive fè yon pitit gason. Pitit la wè tout peche papa l' te fè yo. Li wè yo, men li pa fè tankou l'. Li pa al sou tèt mòn yo ofri manje bay zidòl, li derefize fè sèvis pou vye zidòl moun peyi Izrayèl yo. Li respekte madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li, li pa pwofite sou pesonn, li pa kenbe garanti moun te ba li pou lajan li te prete yo. Li pa vòlò pesonn, li bay moun ki grangou manje, li bay moun ki toutouni rad pou yo mete sou yo. Li refize fè moun mechanste, li pa bay ponya, li pa pran enterè sou lajan li prete moun. Yon moun konsa mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè. Li p'ap mouri poutèt peche papa l' te fè yo. Sèten l'ap viv. Papa l' pou bò pa l' te fè mechanste, li vòlò frè parèy li, li pa janm fè byen pou pesonn. Se li menm k'ap mouri poutèt tou sa li fè ki mal. N'a mande nan kè nou: Poukisa yon pitit pa peye pou peche papa li te fè a? Men repons la. Se paske pitit la te mache dwat devan Bondye, li fè sa li te dwe fè. Li mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè, kifè l'ap viv. Moun ki fè peche, se yo k'ap mouri. Yon pitit p'ap peye pou peche papa l' te fè, ni yon papa p'ap peye pou peche pitit li fè. Moun ki mache dwat va jwenn rekonpans pou dwat yo te mache dwat la. Mechan an va peye pou mechanste li fè a. Si mechan an sispann fè peche li te konn fè yo pou li mache dapre lòd mwen yo, si li fè sa ki dwat ak sa ki byen, li p'ap mouri. Sèten l'ap viv. Yo p'ap chonje tout peche li te konn fè yo. L'ap viv paske li te fè sa ki dwat. Eske nou kwè mwen ta renmen wè mechan an mouri? Se Seyè sèl Mèt la ki mande sa. Non! Mwen ta pito wè l' sispann fè sa ki mal pou l' ka viv. Men, si yon moun ki mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l' nan fè sa ki mal ak tout lòt vye bagay derespektan mechan yo ap fè a, nan kondisyon sa a èske li ka viv toujou? Non. Yo p'ap chonje tout byen li te konn fè yo. L'ap mouri paske li pa t' kenbe pawòl li, paske li fè sa ki mal. Men, n'a di n'a kè nou: Jan Seyè a ap aji la a pa bon non. Enben, nou menm moun pèp Izrayèl yo, koute. Nou di jan m' aji a pa bon. Nou pa kwè se jan nou menm n'ap aji a ki pa bon pito? Lè yon moun ki t'ap mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l' nan fè sa ki mal, l'ap mouri. Se poutèt sa li fè ki mal la l'ap mouri. Lè mechan an sispann fè peche li konn fè yo pou li fè sa ki dwat ak sa ki byen, l'ap sove lavi l'. Li rekonèt sa li t'ap fè a te mal, li sispann fè l'. Sèten li p'ap mouri. Se viv pou li viv. Men, moun peyi Izrayèl yo ap plede di: Jan Seyè a ap aji a pa bon. Nou kwè se jan m'ap aji a ki pa bon vre? Eske se pa jan nou menm n'ap aji a ki pa bon pito? Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la ap di moun peyi Izrayèl yo: M'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Tounen vin jwenn mwen, sispann fè sa ki mal, pa kite peche nou yo lakòz nou mouri. Vire do bay tout vye peche nou te konn fè yo. Chanje kè nou, chanje lide nou. Poukisa atò, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou n'ap chache lanmò konsa? Mwen pa ta renmen wè pesonn mouri. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. Tounen vin jwenn mwen epi n'a viv.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.