Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: -Nonm o! Pale ak chèf peyi Tir la, di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li: Lògèy vire lòlòj ou! Ou pretann di se yon bondye ou ye. Ou chita tankou Bondye sou fotèy ou, nan mitan lanmè. Ou mèt pran pòz bondye ou jan ou vle, se moun ou ye, ou pa Bondye. Ou met nan tèt ou ou gen plis konprann pase Danèl. Pa gen sekrè ki kache pou ou. Se bon konprann ou ak lespri ou genyen ki fè ou rich konsa. Ou ranmase bonkou lò ak ajan mete lakay ou. Ou gen anpil ladrès nan fè kòmès, ou fè anpil lajan. Ou kite richès ou yo vire tèt ou. Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la voye di ou: Ou met nan tèt ou ou gen konprann tankou Bondye. Enben, mwen pral fè moun lòt nasyon vin atake ou. San manman pase yo pa genyen. Yo pral kraze dènye bèl bagay ou te ranmase ak bon konprann ou an. Yo p'ap gen respè pou gwo pozisyon ou lan. Yo pral touye ou. Ou pral mouri neye nan mitan lanmè. Lè y'a vini pou yo touye ou la, w'a pretann di se yon bondye ou ye toujou? Pou moun k'ap touye ou yo, se moun w'ap ye. Ou p'ap yon bondye kras. W'ap mouri tankou moun ki pa konn Bondye. Se moun lòt nasyon yo k'ap touye ou. Mwen fin pale. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: -Nonm o! Ou pral plenn sò k'ap tann wa peyi Tir la. Di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Te gen yon lè se ou ki te pi bon. Tout moun t'ap gade sou ou. Ou te gen bon konprann. Ou te yon bèl bagay nan je tout moun. Ou t'ap viv nan jaden Edenn lan, jaden Bondye a. Ou te mete tout kalite bèl pyè koute chè sou ou: ribi, topaz, dyaman, krizolit, oniks, jasp, safi, malachi, emwòd. Tout bèl bijou ki te sou ou te fèt an lò. Se jou Bondye t'ap kreye ou la li te fè pare yo pou ou. Mwen mete yon zanj cheriben avè ou pou pwoteje ou. Se sou mòn ki apa pou mwen an ou te rete. Ou mache nan mitan gwo dife. Depi jou Bondye kreye ou la, ou pa t' fè anyen pou yo te fè ou repwòch, jouk jou ou konmanse fè sa ki mal. Pou fè kòmès ou mache, ou lage kò ou nan mechanste. Ou fè peche. Se konsa mwen mete ou deyò sou mòn ki apa pou mwen an. Ou pa t' bon pou sèvis mwen ankò. Zanj mwen te chwazi pou pwoteje ou la mete ou deyò nan mitan boul dife yo. Ou te wè jan ou te bèl, sa fè ou pèdi tèt ou. Paske ou te rive nan yon bèl pozisyon, ou tanmen aji tankou moun fou. Se poutèt sa mwen voye ou jete atè. Mwen kite ou la devan lòt wa yo pou yo wè sa ki rive ou. Ou sitèlman fè mechanste ak vis nan kòmès ou yo, ou pa respekte ata tanp ou yo. Mwen mete dife nan lavil ou yo. Yo boule nèt. Tout moun ki t'ap gade ou yo wè ou tounen sann. Tout moun ki te konnen ou nan lòt peyi yo sezi, yo pè pou sa ki rive ou la pa rive yo tou. Ou fini, ou fini nèt. Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: -Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon lavil Sidon an. Denonse sa moun sa yo ap fè. W'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Nou menm, moun lavil Sidon, n'ap leve dèyè nou tou. Apre sa mwen pral fè nou an, moun pral fè lwanj mwen, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a, paske mwen pral pini moun ki rete nan lavil la. Konsa, m'a fè moun wè se yon Bondye apa mwen ye. Mwen pral voye maladi sou yo. San moun pral koule nan tout lari. Lènmi ap soti toupatou vin atake yo. Moun pral mouri nan lavil la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Seyè a di ankò: -Pèp Izrayèl la ap viv nan mitan yon bann nasyon ki pa vle wè l'. Yo tankou pikan raje k'ap grafiyen l', men yo pral sispann giyonnen l'. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a, sèl Mèt la. Seyè sèl Mèt la di ankò: -Mwen pral ranmase moun pèp Izrayèl yo nan mitan tout nasyon kote m' te gaye yo a, m'ap mennen yo tounen. Konsa, mwen pral fè tout nasyon yo wè se yon Bondye apa mwen ye. Moun pèp Izrayèl yo va rete nan peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m' lan. Yo pral viv nan peyi a san danje, san malè. Yo pral bati kay, y'ap plante jaden rezen. M'ap pini tout nasyon ki rete toupre yo epi ki pa vle wè yo. Pèp Izrayèl la menm ap viv san danje, san malè. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo a.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.