Seyè a di mwen: -Nonm o! Pran yon kouto byen file, tankou razwa kwafè, wete tout bab nan figi ou ak tout cheve nan tèt ou. Lèfini, pran yon balans pou peze cheve ou koupe yo, w'a fè yo fè twa pil menm fòs. Lè y'a sispann sènen lavil la, w'a boule yon premye pil nan mitan lavil la. W'a pran yon dezyèm pil, w'a koupe l' ti moso ti moso avèk nepe a pandan w'ap fè tou lavil la pa deyò. Dènye pil cheve a menm, w'a voye l' anlè pou van pote yo ale. Mwen menm, m'a kouri dèyè yo ak nepe mwen. W'a sere yon ponyen cheve, w'a koud li nan woulèt rad ou. Lèfini, w'a pran de twa branch cheve nan sa ou te sere yo, w'a voye yo jete nan dife pou yo boule. Dife a ap gaye nan tout peyi Izrayèl la. Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa, di ankò: -Gade lavil Jerizalèm! Mwen te mete l' kanpe nan mitan latè ak tout lòt nasyon yo bò kote l'. Men, Jerizalèm revòlte kont kòmandman ak lòd mwen yo. Li fè pi mal pase lòt nasyon ki bò kote l' yo. Moun li yo derefize swiv prensip mwen te ba yo. Yo pa fè sa m' te ba yo lòd fè a. Se poutèt sa, nou menm moun lavil Jerizalèm, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, di nou: Nou pa swiv lòd mwen yo, nou pa fè sa m' te mande nou fè. Konsa, nou fè pi mal pase moun lòt nasyon ki bò kote nou yo. Nou pa menm swiv lòd moun lòt nasyon yo gen lakay yo. Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye nan syèl la, di ou: M'ap leve dèyè ou tou, mwen pral pini ou devan tout lòt nasyon yo. N'ap fè yon bann bagay mwen pa vle wè menm. Se poutèt sa m'ap pini lavil Jerizalèm jan mwen poko janm pini l', jan mwen p'ap janm pini l' ankò. Se poutèt sa, nan lavil Jerizalèm papa ak manman va manje pwòp pitit yo, pitit va manje papa ak manman yo. M'ap pini nou, m'ap gaye rès moun ki va rete yo toupatou. Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè, Sèl Mèt la, k'ap pale: Paske nou derespekte tanp mwen an ak tout vye bagay degoutan ansanm ak bann bagay mwen pa vle wè menm nou te fè ladan l' yo, mwen fè sèman, mwen menm tou m'ap san pitye pou nou. M'ap voye nou jete, mwen p'ap kite nou yonn chape. Pèp la ap fè twa pòsyon, yon pòsyon pral mouri anba maladi ak grangou nan lavil la, yon lòt pòsyon pral mouri nan lagè lòt bò miray ranpa lavil la. M'ap gaye rès la nan tout direksyon. Lèfini, m'ap kouri dèyè yo ak nepe. M'a tire revanj mwen, m'ap krase yo dèske yo fè m' fè kòlè, m'ap move sou yo jouk mwen pa kapab ankò. Lè sa a, y'a rekonèt se mwen menm Seyè a ki te pale konsa ak yo, paske yo te pouse m' fè jalouzi, mwen te fache sou yo jouk mwen pa kapab ankò. M'ap fè nou tounen yon dezè nan mitan tout lòt peyi yo, yon wont pou moun k'ap pase bò kote nou ye a. Lè m'a fè kòlè a, lè m'a move anpil sou nou an, lè m'a pini nou rèd mare jan mwen te vle l' la, m'ap avili nou, m'ap fè nou tounen yon wont. N'a sèvi yon avètisman pou tout nasyon ki bò kote nou yo, y'a soti pè lè y'a wè sa ki rive nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'ap koupe viv nou, m'ap kite nou mouri grangou. Nou pral santi doulè grangou a tankou si se flèch yo voye sou nou pou touye nou. M'ap voye grangou ak bèt nan bwa k'ap touye tout pitit nou yo. Move maladi pral tonbe sou nou, y'ap mete san nou deyò. M'ap voye lènmi vin fè nou lagè. Se mwen menm Seyè a ki pale.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.