Li di m' konsa: -Nonm o! Kanpe non! Mwen pral pale avè ou. Antan l'ap pale konsa a, lespri Bondye antre sou mwen, li mete m' kanpe sou de pye m'. Epi m' tande vwa a ki pran pale ankò. Li di m' konsa: -Nonm o! M'ap voye ou bò kote moun pèp Izrayèl yo. Se yon bann moun ki pa t' vle koute m', yo te vire do ban mwen. Jouk koulye a y' ap kenbe tèt avè m' tankou zansèt yo te fè l' nan tan lontan. Yo gen tèt di, yo gen move santiman konsa nan kè yo. Men se bò kote moun sa yo m'ap voye ou pou di yo men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m' voye di yo. Mwen konnen se yon move ras moun yo ye, tèt yo di. Kit yo koute ou, kit yo pa koute ou, zafè yo! Men y'a konnen te gen yon pwofèt nan mitan yo. Men ou menm, nonm o! ou pa bezwen pè yo, ni ou pa bezwen pè sa y'ap di. Y'ap tizonnen ou, y'ap pase ou nan betiz. W'ap tankou yon moun k'ap mache nan yon jaden pikan, tankou yon moun ki chita sou yon nich flanman. Men, ou pa bezwen kite yo kraponnen ou ak sa y'ap di, ou pa bezwen pè yo. Se yon move ras moun yo ye, tèt yo di. Se pou ou di yo tou sa m'a di ou di yo, yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou. Chonje se yon move ras moun ki gen tèt di yo ye. Nonm o! Koute sa m' pral di ou la a. Pa fè tèt di tankou move ras moun sa yo. Louvri bouch ou, manje sa m' pral ba ou la a. M' gade, mwen wè yon men lonje sou mwen. Li te kenbe yon woulo liv tou fèmen. Li louvri liv la devan je m', mwen wè li te ekri sou tou de bò l' yo. Li te plen pawòl moun di lè y'ap plenn sò yo, lè yo nan gwo lapenn, lè y'ap soufri anpil.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.