Moyiz reponn li: -Men, moun yo ka refize kwè m', yo ka pa koute sa m' gen pou m' di yo a. Yo ka di m' se pa vre, Seyè a pa t' kras parèt devan mwen. Seyè a mande l': -Kisa ou gen nan men ou la a? Moyiz reponn li: -Yon baton. Seyè a di l': -Jete l' atè. Moyiz jete baton an atè. Baton an tounen yon koulèv. Lè Moyiz wè sa, li pran kouri. Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou, bese pran koulèv la nan ke. Moyiz lonje men l', li pran koulèv la nan ke. Lamenm, koulèv la tounen baton ankò nan men Moyiz. Seyè a di: -Men sa w'a fè pou yo ka kwè Seyè a, Bondye zansèt yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan ou. Seyè a di l' ankò: -Foure men ou anndan chemiz ou, sou lestonmak ou. Moyiz foure men li anndan chemiz li, sou lestonmak li. Lè li wete men l', men l' te vin tou blan ak bouton. Li te kouvri ak lalèp. Seyè a di l': -Foure men ou anndan chemiz ou ankò, sou lestonmak ou. Moyiz foure men li anndan chemiz li ankò. Lè li wete l', men li te menm koulè ak rès kò li. Seyè a di Moyiz: -Si apre ou fin fè premye mirak la, ou wè yo pa vle kwè ou, yo pa vle koute ou, y'a kwè ou lè w'a fè dezyèm mirak sa a. Si apre ou fè de mirak sa yo, y'ap fè tèt di toujou, yo pa vle kwè ou toujou, yo pa vle koute sa w'ap di yo, w'a pran ti gout dlo nan gwo larivyè a, w'a vide l' atè. Lamenm, dlo a va tounen san. Moyiz di Seyè a: -Eskize m' wi, Seyè. Men, mwen pa ka pale fasil. Se pa bagay jòdi a non. Menm koulye a, depi w'ap pale ak sèvitè ou la, anyen pa chanje. Bouch mwen lou, lang mwen mare. Seyè a di l': -Kilès ki bay moun bouch pou yo pale? Kilès ki fè moun sa a bèbè, moun sa a soudè? Kilès ki fè moun sa a wè, moun sa a avèg? Eske se pa mwen menm, Seyè a? Bon, ou mèt ale. m'a ede ou lè ou gen pou ou pale, m'a moutre ou sa ou gen pou di. Moyiz di: -Eskize m' wi, Seyè! Men, poukisa ou pa voye yon lòt moun pito? Lè sa a, Seyè a move sou Moyiz, li di l' konsa: -Gen Arawon, frè ou la, ki soti nan branch fanmi Levi a. Mwen konnen lang msye pa mare nan bouch li. Men koulye a, li gen tan nan wout ap vin jwenn ou. L'a kontan anpil lè l'a wè ou. W'a pale avè l', w'a di l' sa pou l' di. m'a ede nou tou de lè n'a gen pou nou pale. m'a di nou sa pou nou fè. L'a pale ak pèp la pou ou. Se tankou si se te ou menm ki t'ap pale. Ou menm, w'a tankou Bondye k'ap di li sa pou li di. Kanta baton sa a, toujou kenbe l' nan men ou. Se avèk li w'a fè tout mirak ou gen pou fè yo. Moyiz kite kote l' te ye a, li tounen lakay Jetwo, bòpè li. Li di li: -Tanpri, kite m' ale. Mwen pral jwenn frè mwen yo nan pèyi Lejip. Mwen pral wè si yo la toujou. Jetwo di Moyiz: -Ale ak kè poze. Antan Moyiz nan peyi Madyan, Seyè a di l': -Koulye a, tounen nan peyi Lejip, paske tout moun ki t'ap chache touye ou yo fin mouri. Moyiz pran madanm li ak pitit gason l' yo, li mete yo sou bourik, epi li tounen nan peyi Lejip. Moyiz te gen baton Bondye a nan men l'. Seyè a di Moyiz konsa: -Koulye a, ou wè w'ap tounen nan peyi Lejip. Gade byen. Se pou ou fè devan farawon an tout mirak mwen ba ou pouvwa fè yo. Mwen menm, m'ap fè l' kenbe tèt avèk ou, li p'ap vle kite pèp la ale. W'a di farawon an: Men sa Seyè a di: Izrayèl se pitit mwen, se premye pitit mwen. Mwen di ou kite pitit mwen an ale fè wout li pou l' ka fè yon sèvis pou mwen. Si ou refize kite l' ale, mwen menm m'ap touye premye pitit gason ou lan. Pandan vwayaj la, Moyiz rete pase lannwit yon kote. Seyè a vin atake Moyiz. Li t'ap chache touye l'. Sefora pran yon moso ròch byen file, li koupe pwent po ti kòk pitit gason l' lan, li voye l' jete nan pye Moyiz. Epi li di: -Se yon mari san ou ye pou mwen. Apre sa, Seyè a kite Moyiz. Lè sa a, se poutèt sikonsizyon an Sefora te di ou se yon mari san pou mwen. Seyè a di Arawon: -Ale kontre Moyiz nan dezè a. Arawon pati, li kontre Moyiz sou mòn Bondye a. Li pase bra l' nan kou l'. Moyiz di Arawon tou sa Seyè a te di l' anvan li te voye l' la. Li fè l' konnen tout mirak Seyè a te ba li lòd fè. Moyiz ak Arawon pati ansanm, yo sanble tout chèf fanmi pèp Izrayèl la. Arawon di yo tou sa Seyè a te di Moyiz. Moyiz menm fè tout mirak yo devan tout pèp la. Pèp la vin kwè yo. Lè yo tande Seyè a te vin vizite yo, li te wè mizè y'ap pase a, yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè pou adore Bondye.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.