Tout moun pèp Izrayèl yo pati, yo kite dezè Sin lan, dapre lòd Seyè a te ba yo. Yo fè wout la moso pa moso, jouk yo rive Refidim kote yo moute tant yo. Men, pa t' gen dlo la pou pèp la te bwè. Yo leve fè kont ak Moyiz. Yo di l': -Ban nou dlo pou nou bwè! Moyiz reponn yo: -Poukisa n'ap chache m' kont konsa? Pouki n'ap sonde Seyè a konsa? Men, pèp la te swaf dlo anpil, yo t'ap bougonnen sou do Moyiz. Yo di l': -Poukisa ou fè nou soti kite peyi Lejip la? Gen lè se pou te fè nou vin mouri swaf dlo isit la, avèk pitit nou yo ansanm ak tout bèt nou yo? Moyiz menm lapriyè nan pye Bondye. Li di l' konsa: -Kisa pou m' fè ak moun sa yo? Yo san lè touye m' ak kout ròch! Seyè a di Moyiz: -Pran kèk chèf fanmi pèp Izrayèl la avèk ou, pase devan pèp la. Kenbe baton ou te sèvi pou frape gwo la rivyè Nil lan nan men ou. Epi mache. Mwen menm, m'ap kanpe laba a, dwat devan ou, sou tèt gwo ròch Orèb la. W'a frape ròch la, dlo va soti ladan l'. Pèp la va bwè. Se sa menm Moyiz te fè devan chèf fanmi pèp Izrayèl la. Yo rele kote sa a Masa ak Meriba, paske pèp Izrayèl la t'ap chache kont, yo t'ap sonde Seyè a lè yo te mande: Eske Seyè a nan mitan nou, wi ou non? Antan pèp Izrayèl la Refidim, moun Amalèk yo vin pou goumen ak yo. Moyiz di Jozye konsa: -Chwazi kèk gason pou nou. Denmen w'a soti al goumen ak moun Amalèk yo. Mwen menm, m'a moute sou tèt ti mòn lan avèk baton Bondye te ban mwen an nan men mwen. Jozye fè tou sa Moyiz te di l' fè. Li soti al goumen ak moun Amalèk yo. Moyiz menm moute sou tèt ti mòn lan ansanm ak Arawon ak Our. Tout tan Moyiz te kenbe men l' yo leve anlè, se moun Izrayèl yo ki te pi fò. Men, kou Moyiz bese men l', se moun Amalèk yo ki te pi fò. Rive yon lè Moyiz te bouke, de bra l' t'ap fè l' mal. Arawon ak Our pran yon ròch, yo mete l' deyè Moyiz, yo fè Moyiz chita sou li. Yo chak pran yon bra Moyiz, yo kenbe yo anlè. Yo kenbe yo konsa jouk solèy kouche. Jozye menm te bat Amalèk ak moun li yo byen bat, li touye yo anba kout nepe. Apre sa, Seyè a di Moyiz: -Ekri sa nan liv rejis la pou moun yo pa janm bliye batay sa a. W'a di Jozye konsa m'ap efase non Amalèk sou latè pou yo pa janm chonje l' ankò. Moyiz bati yon lòtèl, li rele l': Seyè a se drapo m'. Apre sa li di: -Men mwen leve men m' devan fotèy Seyè a, Seyè a p'ap janm sispann goumen ak moun Amalèk yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.