Seyè a di Moyiz: -Leve non, ou menm ak tout pèp ou te fè soti kite Lejip la. Kite kote nou ye a. Pran chemen pou n' ale nan peyi mwen te sèmante bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, lè m' te di yo m'ap ba yo tè sa a pou pitit pitit yo. M'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou. M'ap mete moun Kanaran yo, moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, ak moun Jebis yo deyò sou tè yo a. Ale. W'ap rive nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Men, se pa mwen menm menm ki prale ansanm ak nou, paske nou se yon bann moun ki gen tèt di, mwen ta ka touye nou sou wout la. Lè pèp la tande move nouvèl sa a, yon sèl lapenn pran yo. Tout moun refize pote bijou sou yo. Seyè a di Moyiz konsa: -Di pitit Izrayèl yo se yon bann moun ki gen tèt di yo ye. Si se pou m' ta ale ak yo, menm yon sèl ti kadè, mwen ta fin estèminen yo nèt. Koulye a, se pou yo wete tout bijou yo gen sou yo. Lè sa a m'a wè, sa m' ka fè pou yo. Se konsa, depi sou mòn Orèb, moun Izrayèl yo pa janm pote bijou ankò sou yo. Moyiz pran tant lan, li mete l' yon ti distans an deyò limit kan kote yo te enstale a. Li rele l' Tant Randevou a. Tout moun ki te bezwen pale ak Seyè a te blije soti nan kan an pou ale nan Tant Randevou a. Chak fwa Moyiz te soti pou l al nan tant lan, tout pèp la te fèt pou kanpe, chak moun devan papòt kay yo, ap gade Moyiz jouk li antre nan tant lan. Depi Moyiz antre nan tant lan, poto nwaj la desann, li kanpe sou papòt tant lan. Epi Seyè a pran pale ak Moyiz. Lè tout moun wè poto nwaj la kanpe nan papòt tant lan, yo leve, yo bese tèt yo jouk atè devan papòt kay pa yo. Seyè a te konn pale fasafas ak Moyiz tankou yon moun k'ap pale ak zanmi l'. Apre sa, Moyiz te tounen nan kan kote pèp la te enstale a. Men, te gen yon jenn gason yo te rele Jozye, pitit gason Noum lan, ki t'ap sèvi ak Moyiz. Li menm, li pa t' janm kite tant lan. Moyiz di Seyè a: -Ala ou di m' fè pèp la moute ale nan peyi a, men ou pa di m' kilès w'ap voye avè m' pou ede m'. Men, koulye a ou di m' ou konnen m' byen, ou konnen ki moun mwen ye. Ou kontan mwen anpil. Bon, si ou kontan m' vre, tanpri, fè m' konnen lide ou gen nan tèt ou pou m' ka konnen ki moun ou ye, pou m' ka toujou fè ou plezi. Chonje tou, pèp sa a se pa ou li ye wi! Seyè a reponn: -Se mwen menm k'ap mache avè ou. M'ap fè ou jwenn repo. Moyiz di l': -Si se pa ou menm menm k'ap mache avè nou, ou pa bezwen kite nou soti isit la. Lè ou gade byen, ki jan pou mwen fè konnen ou konsidere m' anpil, mwen menm ansanm ak pèp ou a? Eske se pa lè ou mache ak nou? Si ou mache ak nou, tout moun va rekonèt mwen menm ansanm ak pèp la, nou pa menm ak lòt pèp ki sou latè yo. Seyè a di Moyiz: -m'a fè sa ou mande m' lan, paske ou fè kè m' kontan anpil. Mwen konnen ki moun ou ye. Moyiz di l': -Tanpri, fè m' wè pouvwa ou! Lè sa a Seyè a reponn li: -M'ap fè ou wè jan m' gen bon kè, m'ap nonmen non m' devan ou. M'ap fè moun mwen vle gras, m'ap gen pitye pou moun mwen vle gen pitye. Seyè a pale ankò, li di-Ou p'ap kapab wè figi m', paske ankenn moun sou latè pa kapab wè figi m' pou l' kontinye ap viv apre sa. Li di ankò: -Men yon ti plas bò kote m'. W'a kanpe sou ròch sa a. Lè pouvwa mwen vin ap pase, m'ap mete ou nan twou ròch la, m'a kouvri ou avèk men mwen jouk mwen fin pase. Apre sa, m'a wete men m' sou ou. Se do m' ase w'a wè ki prale, men ou p'ap wè figi m'.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.