Seyè a di Moyiz: -Mwen pral voye yon lòt malè sou farawon an ak sou peyi Lejip la. Apre sa, l'ap kite nou ale. Wi, lè l'a pare pou l' kite nou ale a, se mete l'ap mete nou deyò. Pale ak pèp Izrayèl la. Se pou yo chak mande vwazen ak vwazen yo fè yo kado bagay yo genyen ki fèt an ajan osinon an lò. Seyè a te fè moun peyi Lejip yo vin gen kè sansib pou moun pèp Izrayèl yo. Pou Moyiz menm, tout moun nan peyi a te gen gwo respè pou li. Moun farawon yo ansanm ak tout pèp la te respekte Moyiz anpil. Moyiz di farawon an: -Men sa Seyè a di: Aswè a, nan mitan lannwit, m'ap pase kay moun peyi Lejip yo. Tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo pral mouri, depi premye pitit farawon an, ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason dènye klas sèvant k'ap travay nan moulen. Premye pitit tout bèt pral mouri tou. Pral gen yon sèl gwo rèl nan tout peyi a, rèl moun poko janm tande, rèl moun p'ap janm tande ankò. Men, nan mitan pèp Izrayèl la, ou p'ap menm tande yon chen wouke, paske ni moun ni bèt p'ap mouri la. Konsa, w'a konnen Seyè a fè yon diferans ant pèp peyi Lejip la ak pèp Izrayèl la. Lè sa a, tout moun pa ou yo pral desann vin kote mwen. Y'ap bese tèt yo jouk atè devan mwen. y'a di m': Ale non, ou menm ansanm ak tou pèp ou a. Se lè sa a, m'a pati. Lèfini, Moyiz soti byen fache lakay farawon an. Seyè a di Moyiz: -Farawon an p'ap koute ou. Konsa, m'a fè plis mèvèy toujou nan peyi Lejip. Moyiz ak Arawon te fè tout mirak sa yo devan farawon an. Men farawon an pa t' vle kite moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi a. Seyè a fè farawon an fè tèt di pi rèd toujou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.