W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya. L'a kare kare. L'a mezire sèt pye sis pous longè sou sèt pye sis pous lajè ak kat pye sis pous wotè. W'a travay kat kòn sou kat kwen lòtèl la. Se pou kòn yo fè yon sèl pyès ak lòtèl la. Apre sa, w'a kouvri tout ak kwiv. Pou lòtèl la, w'a fè pèl, kivèt, fouchèt, recho ak plato pou resevwa sann. Tout bagay sa yo va fèt an kwiv. Pou lòtèl la toujou, w'a fè yon griyaj an kwiv, tankou griy yo sèvi pou griye vyann. W'a mete kat gwo bag an kwiv nan kat pwent griyaj la. W'a mete griyaj la anba rebò lòtèl la, pou l' soti anba rive mwatye wotè lòtèl la. W'a fè baton an bwa zakasya ki va sèvi manch pou lòtèl la. W'a kouvri yo an kwiv. W'a pase manch yo nan gwo bag yo. Manch yo va sou chak bò lòtèl la lè y'ap pote l'. Lòtèl la va fèt an planch. Anndan li va rete tou vid. W'a fè l' dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan. W'a fè yon galeri wonn kay la. Sou bò sid la, w'a moute yon seri rido fèt ak lèz twal fen blan tise byen sere, sou senkant mèt longè pou bò sa a. Pou kenbe rido yo, va gen ven poto an kwiv chita sou ven sipò an kwiv tou. Men, kwòk ki sou poto yo ak trenng ki pou soutni rido yo va fèt an ajan. Menm jan an tou, sou bò nò a va gen yon seri rido fèt ak lèz twal sou senkant mèt longè pou bò sa a, avèk ven poto an kwiv chita sou ven sipò an kwiv tou. Kwòk yo ak trenng yo va fèt an ajan. Sou bò lwès la, va gen yon galeri tou. W'a moute yon seri rido sou vennsenk mèt longè ak dis poto chita sou dis sipò. Sou bò lès la, galeri a va gen swasannkenz pye lajè. Sou bò gòch pòt antre a, y'a moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò. Sou bò dwat la tou, y'a moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò. Pou pòt antre a menm, va gen yon rido trant pye longè, fèt ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, dekore avèk bodri. Se kat poto chita sou kat sipò ki pou soutni rido a. Tout poto ki fè wonn galeri a va gen trenng fèt an ajan, kwòk fèt an ajan ak sipò fèt an kwiv. Galeri a va gen sansenkant pye longè, swasannkenz pye lajè ak sèt pye sis pous wotè. Rido yo va fèt ak twal fen blan tise byen sere. Sipò yo va fèt an kwiv. Tout bagay ki la pou sèvi nan tant lan, tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a, tou sa gen pou fèt an kwiv. W'a pase pèp Izrayèl la lòd pou yo pote ba ou pi bon kalite lwil oliv ki genyen pou lanp yo. Konsa, lanp lan va toujou ka rete limen. Se Arawon ak pitit li yo ki va mete lwil nan lanp sa a, ki nan Tant Randevou a pa deyè rido a, devan Bwat Kontra a. Se la gwo lanp lan va limen devan Seyè a depi aswè jouk maten. Se pou moun Izrayèl yo swiv lòd sa a pou tout tan, de pitit an pitit.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.