Seyè a di Moyiz konsa: -Se pou nou mete tout premye pitit gason ak tout premye mal bèt yo apa pou mwen. Tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, tout premye mal bèt yo fè, se pou mwen yo ye. Moyiz di pèp la: -Pa janm bliye jou sa a, jou nou te soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la, paske se Seyè a menm ki te fè nou soti ak fòs ponyèt li. Jou sa a, se pa pou nou manje pen ki gen ledven ladan l'. Se jòdi a, se jou sa a, nan mwa Abib la, n'ap soti kite peyi Lejip. Seyè a va fè nou antre nan peyi ki pou moun Kanaran yo, pou moun Et yo, pou moun Amori yo, pou moun Evi yo ak moun Jebis yo. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se peyi sa a Seyè a te pwomèt l'ap bay zansèt nou yo. Lè l'a fè nou antre nan peyi sa a, n'a toujou fè sèvis sa a nan menm mwa a. Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. Sou setyèm jou a, n'a fè yon fèt pou Seyè a. Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. Yo pa dwe jwenn ni pen ki fèt ak ledven, ni ledven menm lakay nou, nan tout peyi a. Jou sa a, men sa n'a di pitit gason nou yo: Nou fè tou sa pou Seyè a, lè nou chonje tou sa li te fè pou nou lè nou soti kite Lejip la. Sèvis sa a ap tankou yon mak nan men nou osinon yon bagay nou mete nan tèt nou pou nou pa bliye, pou nou ka toujou fè konnen lòd Seyè a. Paske, se avèk fòs ponyèt li li fè nou soti kite peyi Lejip la. Toujou fè sèvis sa a chak lanne, nan dat mwen te fikse a. Lè Seyè a va fè nou antre nan peyi moun Kanaran yo, dapre pwomès li te fè nou an, nou menm ansanm ak zansèt nou yo, lè Seyè a va ban nou peyi sa a, n'a pran tout premye pitit gason nou yo, n'a mete yo apa pou Seyè a. Konsa tou, tout premye pitit bèt nou yo, depi se mal yo ye, se pou mwen yo ye. Nan plas tout premye pitit bourik nou yo, se pou nou ban mwen yon ti mouton. Si nou pa fè sa, se pou nou kase kou l'. Men, n'a ofri m' bagay pou achte lavi tout premye pitit gason nou yo nan men mwen. Denmen, lè pitit gason nou yo va mande nou poukisa nou fè sa, n'a di yo: Se paske se ak fòs ponyèt li Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la. Seyè a te touye depi premye pitit gason moun peyi Lejip yo rive jouk premye mal bèt yo fè, paske farawon an t'ap fè tèt di, li pa t' vle kite nou ale. Se poutèt sa nou ofri bay Seyè a tout premye mal bèt nou yo fe, epi nou ofri lòt bagay pou achte lavi tout premye pitit gason nou yo nan men l'. Sèvis sa a va tounen tankou yon mak sou men nou, tankou bando nou mare sou fwon nou, pou fè nou chonje se ak fòs ponyèt li Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip. Lè farawon an kite pèp Izrayèl la pati, Bondye pa mennen yo nan wout ki pase bò lanmè a pou ale nan peyi moun Filisti yo, atout se wout sa a ki te pi kout, paske Bondye te di: Mwen pa vle pou pèp la gen remò pou yo kase tèt tounen nan peyi Lejip la ankò, lè y'a wè batay yo gen pou yo fè. Se konsa, Bondye fè pèp la pran chemen dezè a nan direksyon lanmè Wouj la. Pèp Izrayèl la te soti kite peyi Lejip la tankou yon lame. Moyiz pran zosman Jozèf yo avèk li, paske Jozèf te fè moun pèp Izrayèl yo fè sèman. Li te di yo: Bondye gen pou vin ede nou. Lè sa a, se pou nou pati ak zosman mwen soti isit la. Yo kite Soukòt, yo rive yon kote ki rele Etam, sou lizyè dezè a, yo pase kèk tan la. Lajounen, Seyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit. Lajounen, nwaj la te toujou ap mache devan pèp la. Lannwit, se te dife a.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.