Men non pitit Jakòb yo ki te desann avè l' nan peyi Lejip ansanm ak tout fanmi yo: Se te Woubenn, Simeyon, Levi epi Jida, Isaka, Zabilon epi Benjamen, Dann ak Nèftali, Gad ak Asè. Sa te fè antou swasanndis moun nan ras Jakòb la. Jozèf menm te deja nan peyi Lejip la. Apre sa, Jozèf mouri, tout frè l' yo mouri tou ansanm ak tout moun menm laj ak yo. Men pèp Izrayèl la te fè anpil pitit, yo te peple. Yo te vin anpil. Yo te vin fò, yo te toupatou nan peyi a. Te vin gen yon lòt wa nan peyi Lejip la. Wa sa a pa t' konn anyen sou Jozèf. Li di pèp la konsa: -Gade. Pèp Izrayèl la vin pi plis pase nou. Yo pi fò pase nou. Tande non! Fòk nou jwenn yon jan wi, pou n' bat ak moun sa yo, pou yo pa vin plis toujou. Paske, si yon lagè pete la a, yo ka mete tèt ansanm ak lènmi nou yo pou yo bat nou. Apre sa, y'a pati kite peyi a. Se konsa yo mete kèk chèf sou pèp Izrayèl la pou kraze kouraj yo, pou fè yo fè kòve travo fòse san pran souf. Moun pèp Izrayèl yo bati lavil Piton ak Ranmsès pou farawon an. Se nan lavil sa yo yo te fè depo manje. Men, tank moun Lejip yo t'ap peze moun pèp Izrayèl yo, se tank yo t'ap fè pitit, se plis yo t'ap peple. Moun Lejip yo vin rayi moun pèp Izrayèl yo. Se konsa, yo fè pèp Izrayèl la tounen esklav. Yo rann yo lavi minab, yo fè yo travay rèd ap bat mòtye, ap fè brik, ap fè tout lòt kalite kòve nan jaden. Yo bat yo, yo fòse yo fè tout kalite travay sa yo. Lè sa a, te gen de fanmchay ki te konn akouche medam ebre yo. Yonn te rele Chifra, lòt la te rele Pwa. Wa Lejip la rele yo, li di yo: -Lè n'ap akouche medam ebre yo, lè yo sou choukèt, louvri je nou. Si pitit la se yon gason, touye l'. Men si se yon fi, kite l' viv. Men, fanmchay yo te gen krentif pou Bondye. Yo pa t' fe sa wa Lejip la te ba yo lòd fè a. Yo te kite ti gason yo viv tou. Lè sa a, wa a fè rele fanmchay yo, li mande yo: -Poukisa nou fè sa? Apa nou kite ti gason yo viv tou? Medam yo reponn: -Fanm ebre sa yo pa tankou fanm Lejip yo non. Yo gen kouraj sou yo wi. Anvan fanmchay la rive, yo gen tan akouche. Bondye te beni fanmchay yo. Moun pèp Izrayèl yo menm t'ap vin pi plis toujou. Yo t'ap vin pi fò. Paske fanmchay yo te gen krentif pou Bondye, Bondye te ba yo anpil pitit. Lè sa a, farawon an bay pèp la lòd sa a: -Se pou nou jete tout ti gason ki fèt lakay moun ebre yo nan gwo larivyè a. Men, kite tout ti fi yo viv.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.