Wa Salomon te pran ventan pou l' bati kay Seyè a ak kay pa li a. Li rebati tout lavil wa Iram te ba li, li voye moun pèp Izrayèl al rete ladan yo. Apre sa, li al atake lavil Amat nan Zoba, li pran li. Li rebati lavil Tadmò nan dezè a ansanm ak tout lavil nan zòn Amat la pou sevi depo pwovizyon. Salomon rebati Bètowon anwo ak Bètowon anba, li byen pwoteje yo ak miray ranpa, gwo pòtay ak ba pou fèmen yo. Li rebati lavil Balat, tout lavil kote li te fè depo pwovizyon, tout lavil kote yo te gade chwal li yo ansanm ak cha lagè yo. Li bati tou sa li te fè lide bati nan lavil Jerizalèm, nan peyi Liban ak nan tout lòt peyi ki te sou zòd li yo. -(we vèsè pwochen) Lè moun Izrayèl yo te fin pran peyi Kanaran an pou yo, gen anpil nan moun ansyen mèt peyi a yo pa t' touye. Yo te kite yo rete nan peyi a. Te gen moun Amori, moun Et, moun Ferezi, moun Iva ak moun Jebis. Se pitit moun sa yo Salomon te pran sèvi esklav pou fè kòve. Se sa k'ap fèt jouk jounen jòdi a. Salomon pa t' fè ankenn moun nan pèp Izrayèl la sèvi esklav. Li te fè yo sèvi sòlda, ofisye, chèf, kaptenn ak kòmandan cha lagè yo ak kavalye yo. Te gen desansenkant (0250) moun gouvènè yo te chwazi pou sèvi fòmann. Se yo ki te reskonsab kontwole tout travay ki t'ap fèt yo. Salomon fè madanm li, pitit fi farawon an, kite lavil David, al rete nan kay li te bati pou li a. Li t'ap di nan kè l': Ata madanm mwen pa gen dwa rete nan kay David, wa peyi Izrayèl la, paske tout kote Bwat Kontra Seyè a te pase se kote ki fèt pou rete apa pou Bondye. Salomon te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye sou lotèl li te fè bati pou Seyè a devan Tanp lan. Li ofri bèt pou yo boule nèt pou Seyè a, dapre lòd Moyiz te bay nan lalwa a pou chak jou fèt: pou jou repo yo, pou jou lalin nouvèl yo, ak pou twa gwo fèt yo fete chak lanne yo, ki vle di: Fèt Pen san ledven yo, Fèt Rekòt yo ak Fèt Joupa yo. Dapre regleman David, papa l', te bay, li mete chak gwoup nan travay pa yo, prèt yo pou fè sèvis pou Bondye, moun Levi yo pou fè lwanj Seyè a epi pou ede prèt yo nan travay yo dapre sa ki pou fèt chak jou fèt yo. Li bay chak gwoup gad pòtay Tanp lan lè travay yo nan chak pòtay, dapre lòd David, moun Bondye a, te kite. Se konsa, yo te swiv tout ti detay ki nan lòd wa David te bay pou prèt yo ak pou moun Levi yo, ata lòd li te bay pou trezò Tanp lan. Se konsa tout travay Salomon te vle fè a te fin fèt, depi jou yo t'ap fouye fondasyon Tanp Seyè a jouk yo fini l'. Tanp Seyè a pa t' manke anyen ankò pou l' fini. Apre sa, Salomon ale lavil Ezyongebè ak lavil Elat bò Lanmè Wouj la, nan pòsyon tè ki pou moun Edon yo. Wa Iram te voye batiman ansanm ak moun peyi l' ki te konn lanmè bay Salomon pou sèvi ansanm ak moun Salomon yo sou batiman yo. Se chèf ki t'ap sèvi nan gouvènman Iram yo ki te vin renmèt batiman yo. Maren Iram yo vwayaje ansanm ak moun pa Salomon yo rive peyi Ofi, kote yo al chache trèz tòn lò pote bay Salomon.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.