Lespri Bondye te desann sou Azarya, pitit Obèd. Azarya soti al kontre wa Asa, li di l' konsa: -Koute sa m'ap di nou, ou menm Asa ansanm ak tout moun fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo! Seyè a ap kanpe ak nou si nou menm tou nou kanpe avè l'. Si nou chache l', l'ap kite nou jwenn li. Men, si nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou. Pandan lontan, pèp Izrayèl la t'ap viv san Bondye tout bon an, san prèt pou moutre yo sa pou yo fè, san lalwa Bondye a. Men, lè malè tonbe sou yo, yo tounen nan pye Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Yo chache l', li kite yo jwenn li. Nan tan sa yo, pesonn pa t' ka okipe zafè yo ak kè poze, paske te gen gwo dezòd pou tout moun nan tout peyi. Nasyon t'ap kraze nasyon, yon lavil t'ap detwi yon lòt lavil, paske Bondye te lage tout kalite malè sou yo. Men nou menm, mete gason sou nou! Pa dekouraje, paske n'ap jwenn rekonpans travay nou. Lè Asa tande mesaj pitit Obèd la te bay nan non Bondye, li pran kouraj. Li fè yo wete dènye vye zidòl ki te nan peyi moun Jida yo ak nan peyi moun Benjamen yo, ansanm ak tout zidòl ki te nan lavil li te pran nan zòn mòn Efrayim yo. Li repare lotèl Seyè a ki te kanpe nan lakou devan gwo pyès Tanp Seyè a. Anpil moun soti toupatou nan peyi Efrayim, nan peyi Manase ak nan peyi Simeyon, yo vin jwenn Asa. Yo t'ap viv nan peyi a sou zòd li, paske yo te wè Seyè a te kanpe la avè l'. Asa reyini yo tout ansanm ak tout moun Jida yo ak moun Benjamen yo. Yo tout reyini lavil Jerizalèm. Lè sa a, Asa te gen katòzan twa mwa depi li te wa. Jou sa a, yo pran sètsan (0700) bèf ak sètmil (07.000) mouton nan tou sa yo te pran nan men lènmi yo, yo touye yo pou Seyè a. Yo pran angajman pou yo sèvi Seyè a, Bondye zansèt yo a, ak tout kè yo, ak tout nanm yo. Yo pwomèt pou yo touye nenpòt moun, kit se fanm kit se gason, kit se granmoun kit se jennmoun, ki pa soti pou sèvi Seyè a. Yo fè sèman bay Seyè a byen fò y'ap kenbe angajman yo. Yo te kontan, yo t'ap rele, yo t'ap kònen twonpèt ak klewon. Tout moun peyi Jida yo te kontan, paske yo te fè sèman an ak tout kè yo. San pesonn pa fòse yo, yo te soti pou yo te chache konnen volonte Seyè a. Seyè a menm te kite yo jwenn li. Li fè yo viv ak kè poze ak tout moun nan vwazinaj yo. Wa Asa menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon yo te ba li tankou manman Larenn nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Achera. Asa kraze estati a an miyèt moso, li fè boule l' nan ravin Sedwon an. Atout li pa t' rive fè disparèt tout kay zidòl yo, li menm li te toujou sèvi Seyè a ak tout kè li pandan lavi li. Li pran tou sa papa l' te bay pou sèvis Bondye a, li mete yo nan Tanp lan ak tout bagay an lò ak an ajan li menm li te bay pou Bondye. Pat gen lagè menm jouk wa Asa rive sou trannsenkan depi li t'ap gouvènen.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.