Lè Abija mouri, yo antere l' lavil David la. Se Asa, pitit gason li, ki moute wa nan plas li. Sou rèy Asa, peyi a viv ak kè poze pandan dizan. Asa te fè sa ki byen ak sa ki dwat devan Seyè a, Bondye l' la. Li fè disparèt tout lotèl yo te bati pou bondye lòt nasyon yo ak tout kote yo te konn fè sèvis pou yo. Li fè kraze zidòl yo, li koupe estati Achera yo voye jete. Li bay tout moun Jida yo lòd pou yo mache dapre volonte Seyè a, Bondye zansèt yo a, pou yo fè tou sa ki nan lalwa ak nan kòmandman Bondye yo. Li fè disparèt tout kote yo te konn fè sèvis pou lòt bondye yo ansanm ak lotèl pou boule lansan pou yo nan dènye lavil nan peyi Jida a. Se konsa, pandan tout rèy li, peyi a t'ap viv ak kè poze. Pandan tout tan sa a, peyi a pa t' nan dezòd, ni li pa t' nan fè lagè ak pesonn, paske Seyè a te ba li chans viv ak kè poze. Wa a pwofite tout tan sa yo, li bati gwo ranpa pou pwoteje lavil peyi Jida yo. Li di moun peyi Jida yo: -Annou ranfòse defans lavil yo! Annou bati miray ranpa ak fò pou pwoteje yo ak pòtay solid ak gwo ba pou fèmen yo. Peyi a nan men nou toujou, paske nou te fè volonte Seyè a, Bondye nou an. Se li menm ki pwoteje nou, li fè nou viv byen san kont ak tout vwazen nou yo. Se konsa yo mete men nan travay la jouk yo fini l'. Wa Asa te gen yon gwo lame. Nan lame a te gen twasanmil (0300.000) sòlda moun branch fanmi Jida ki te gen plak pwotèj ak frenn, plis desankatreven mil (0280.000) sòlda moun branch fanmi Benjamen ki te gen plak pwotèj ak banza pou voye flèch. Yo tout te vanyan sòlda. Yon moun peyi Letiopi yo te rele Zera vin anvayi peyi Jida ak yon lame ki te gen yon milyon sòlda ansanm ak twasan (0300) cha lagè. Yo vanse jouk lavil Marecha. Asa soti ak lame pa l' la al kontre avè l'. De lame yo pran pozisyon nan fon Zefata a, toupre Marecha. Asa lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di l' konsa: -Bondye sèl Mèt, kit w'ap ede yon gwo, kit w'ap ede yon piti, pou ou se menm bagay la. Tanpri, vin ede nou koulye a, Seyè, Bondye nou an, paske se sou ou nou konte. Se nan non ou nou vin goumen ak bann moun sa yo. Seyè, se ou menm ki Bondye nou. Fè wè pesonn pa ka kenbe tèt avè ou! Se konsa, Seyè a fè Asa ak lame peyi Jida a bat lame Letiopi a. Lame Letiopi a kouri met deyò. Men Asa ak sòlda li yo kouri dèyè yo jouk lavil Gera. Yo touye sòlda lame Letiopi yo, yo pa kite yonn ladan yo chape. Seyè a te kraze yo tout ak lame li a. Lame a pran yon pakèt bagay lènmi yo te kite. Lèfini, yo detwi tout ti bouk ki te nan zòn Gera a, paske moun la yo te pè Seyè a anpil. Lame Jida a piye lavil yo. Yo pote anpil anpil bagay ale paske moun sa yo te gen anpil byen. Yo atake gadò mouton yo anba tant yo. Yo pran yon bon valè mouton ak chamo. Apre sa, yo tounen tounen yo lavil Jerizalèm.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.