Lè Woboram rive lavil Jerizalèm, li sanble sankatrevenmil (0180.000) sòlda nan pi bon sòlda ki te nan branch fanmi Jida ak nan branch fanmi Benjamen. Li te fè lide al goumen ak moun peyi Izrayèl yo pou l' mete yo anba lòd li ankò. Men, Bondye pale ak Chemaya, pwofèt li a, li di l' konsa: -Pale ak Woboram, pitit Salomon an, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun pep Izrayèl ki fè pati branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo. Di yo konsa: Men mesaj mwen menm Seyè a, mwen voye ba yo: Piga n' al goumen ak fanmi nou yo. Tounen lakay nou. Sa ki rive a se travay mwen. Se mwen menm ki vle l' konsa. Moun yo koute lòd Seyè a vre, yo pa moute al goumen ak Jewoboram. Woboram rete lavil Jerizalèm, li moute ranpa nan anpil lavil peyi Jida pou pwoteje yo. Se konsa, li ranfòse miray lavil Betleyèm, Eytam, Tekoa, Betsou, Soko, Adoulam, Gat, Marecha, Zif, Adorayim, Lakis, Aseka, Soreya, Ajalon, Ebwon. Tou sa se lavil ak ranpa ki te nan peyi Jida ak nan peyi Benjamen. Li ranfòse miray ranpa yo, li mete chèf reskonsab yo, li fè bati depo pou mete manje, lwil ak diven. Lèfini, nan chak lavil, li fè bay gwo plak pwotèj ak frenn an kantite. Lavil sa yo te byen pwoteje. Se konsa Woboram te kenbe moun branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo anba otorite l'. Prèt yo ak moun Levi yo soti toupatou nan peyi Izrayèl, yo vin jwenn Woboram. Moun Levi yo te kite bèt yo nan savann ak tout lòt byen yo, yo desann lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, paske Jewoboram, wa peyi Izrayèl la ak tout wa ki te vin apre l' yo, te enpoze moun Levi yo fè sèvis yo tankou prèt Seyè a. Jewoboram te chwazi prèt pa l' pou fè sèvis kote yo fè ofrann bèt pou lòt bondye li t'ap sèvi sou fòm estati bouk kabrit ak ti towo bèf li te fè fè pou li yo. Nan tout peyi Izrayèl la moun ki te vle sèvi Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ak tout kè yo fè tankou moun Levi yo ak prèt yo. Yo desann lavil Jerizalèm pou yo te ka ofri bèt pou yo touye pou Seyè a, Bondye zansèt yo a. Sa te bay gouvènman peyi Jida a anpil fòs. Pandan twazan yo kenbe la ak Woboram, pitit Salomon an, yo viv jan yo te konn viv sou rèy wa David ak wa Salomon. Woboram te marye ak Malat, pitit fi Jerimòt ki te pitit David ak Abigayil, pitit fi Eliyab, pitit pitit fi Izayi. Yo fè twa pitit gason: Jeouch, Chemarya ak Saram. Apre sa, Woboram marye ak Maka, pitit fi Absalon, ki ba li kat pitit gason: Abija, Atayi, Ziza ak Chelomit. Antou Woboram te gen dizwit madan marye ak swasant fanm kay. Li fè venntwit pitit gason ak swasant pitit fi. Nan tout madan marye li yo ak fanm kay li yo, se Maka, pitit fi Absalon an, li te pi renmen. Konsa tou, li te pito Abija, pitit gason Maka te fè pou li a, pase tout lòt pitit li yo. Li mete l' chèf tout frè l' yo. Li te vle se li ki pou pran plas li lè li mouri. Li te fè lide bay chak pitit gason l' yo yon reskonsablite. Se konsa, li voye yo al rete toupatou nan peyi Jida ak nan peyi Benjamen, nan tout lavil li te ranfòse yo, li ba yo pwovizyon an kantite epi li marye yo ak anpil fanm.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.